Jude Bellingham vini dezyèm pi jèn bitè pou Angletè nan zafè Koup Di Mond  

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
jude bellingham vini dezyèm pi jèn bitè pou angletè nan zafè koup di mond  

Nan premye match Angletè nan Koup Di Mond, Kata 2022 a, se Jude Bellingham ki te louvri eskò a fas Iran. Avèk gòl sa, li vini dezyèm pi jèn bitè pou peyi l nan zafè Koup Di Mond. 

Jude Bellingham, jèn mitan teren Borussia Dortmund nan jwenn ouvèti eskò a jodi a lè Angletè t ap kòmanse Mondyal li fas Iran. Se yon sèl jwè ki te gen pi Piti laj pase Bellingham lè l make gòl pou Twa Lyon yo nan zafè Di Mond. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Se ak 19 lane epi 148 Jou mitan teren k ap jwe nan Bundesliga a make gòl sa pou peyi Angletè. Nan 34è minit rankont foutbòl sa, Jude reprann yon sant ki soti sou kote goch la ak Luke Shaw ak tèt li pou l debloke sitiyasyon an pou jwè Gareth Southgate yo. 

Jwè ki te pi jèn pase Jude la lè l te make premye gòl li pou Anglè yo nan Koup Di Mond, se krak yo rele Michael Owen nan. Nan lane 1998, ansyen Balon dò a te fè premye gòl li nan Mondyal 1998 lan.  

Sa ki pi entèresan an, Jude Bellingham pa t ko janm make pou Angletè nan okenn match. Se nan Mondyal la premye gòl la rive. Bellingham anfòm anpil pou sezon sa kote l gentan make 8 gòl ak mayo BVB a, 4 nan Champions League sèlman. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.