Justin Trudeau pral dirije yon reyinyon entènasyonal sou Ayiti Mèkredi sa a konsènan kriz la 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
justin trudeau pral dirije yon reyinyon entènasyonal sou ayiti mèkredi sa a konsènan kriz la

Justin Trudeau pral  dirije  yon reyinyon nan New York ak patnè Karayib yo epi rejyonal yo pou kontinye ankouraje fason kominote entènasyonal la kapab ankouraje stabilite ak devlopman dirab ann Ayiti. 

Premye Minis Kanadyen Justin Trudeau pral dirije yon reyinyon ak patnè Karayib yo  Mèkredi sa pou diskite sou kriz aktyèl la ann Ayiti, kote vag vyolans yo  kontinye ap pèsiste nan peyi, epi lakòz lanmò plizyè santèn moun. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Avèk Ti chita pale sa a, avèk  lidè mondyal yo, Trudeau espere kreye yon  ijans sou peyi a ki an kriz epi diskite sou fason kominote entènasyonal la ka ede Ayiti soti nan kriz sa. 

« N ap ogmante lidèchip nou e sa se yon siyal, nou ap pran sitiyasyon an trè oserye, nou ap swiv li trè sere epi kominote entènasyonal la dwe mete tèt yo ansanm epi sipòte Ayiti », te deklare nan Miami Herald Sébastien Carrière, anbasadè Kanada nan Pòtoprens. 

Carrière te di tou, reyinyon Mèkredi a pral konsantre anpil sou sitiyasyon sekirite ann Ayiti,  li te fè konnen Kanada te fè yo priyorite prensipal pandan gang yo ap ogmante epi pouse grif yo pi plis nan peyi a. 

Anbasadè a di li konnen yon reyinyon pa pral rezoud pwoblèm nan, men si kominote entènasyonal la ka konsantre sou sipòte Polis Nasyonal Dayiti pou retabli sekirite, sa tap yon premye etap la. 

Byenke reyinyon Mèkredi a pa pral konsantre sou ajitasyon sivil la,  men anbasadè a di li fèt alè akoz enpas politik aktyèl la ak ensekirite  bay anpil enkyetid nan moman. 

« Moun yo gen dwa pou yo pwoteste pasifikman… Nou tande fristrasyon yo nan lari yo;  plis pase 5 milyon moun, dapre dènye chif yo, pa gen anyen pou yo manje »,  te di anbasadè a. 

Pou Bob Rae, anbasadè Kanada nan Nasyonzini, ki te fèk vizite peyi a pou l wè dezòd yo ak 2 je li, li te di pa gen solisyon majik pou kriz ayisyen an. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

« Nou dwe aprann nan kèk erè nan tan pase kote entèvansyon ki te fèt ki pa t gen tout sipò pèp ayisyen an.  E nou dwe asire nou pou nou travay ak pèp ayisyen an, « li te rekonèt nan yon entèvyou ak jounal Quebec Le Devoir.  « Nou pral eseye jwe yon wòl konstriktif posib.  Nou tout konnen  nap bezwen sa » 

Brob Rae kwè travay la pral difisil nan yon peyi dirije kote se yon gouvènman pwovizwa ki ap dirije, kote « òganizasyon kriminèl yo te menm pran kontwòl tribinal la nan kapital la, Pòtoprens ». 

 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.