Plizyè vil nan peyi a te kontinye manifeste ayè madi 20 septanm 2022 a 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
plizyè vil nan peyi a te kontinye manifeste ayè madi 20 septanm 2022 a 

Madi 20 septanm 2022 sa, nan plizyè vil atravè peyi a, popilasyon an te manifeste kont desizyon gouvènman an pran pou ogmante pri gaz nan ponp yo epi pou rele kont lavi chè, ensekirite ak reklame depa Ariel Henry. 

Nan depatman Nip, manifestan yo pat rete  san fè anyen konsa.  Nan Miragoâne, yo te monte barikad sou wout nasyonal #2 toupre Chalon.  Nan Fondènèg aktivite yo te paralize madi 20 septanm lan, malgre se te jou mache minisipal la. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan Ench,  te gen jounen manifestasyon, mafestasyon sa a te òganize sou lidèchip Monique Lapointe.  Nan Pòtoprens, patizan Moïse Jean Charles, Sekretè Jeneral pati politik Pitit Desalin, te sitou sou Place des Héros, nan pye moniman Jean Jacques Dessalines la. 

Nan Nòdwès, nan Mòl Sen Nikola, popilasyon an te pran lari pou fè tande vwa yo.  Sou desizyon gouvènman an pou ogmante pri gaz yo  epi mande depa Ariel Henry, denonse lavi chè ak ensekirite, se revandikasyon prensipal yo ayè madi a. 

Nan Twou di Nò,  sou inisyativ òganizasyon Sitwayen Angaje   Twou di Nò (ICET), plizyè santèn sitwayen te pwoteste kont Premye Minis Ariel Henry ak desizyon li pran pou ogmante pri gaz  yo nan ponp epi pou yo mande depa l. 

Nan Jakmèl, manifestan yo te kontinye pile makadam nan.  Yon mobilizasyon ki deja dire plis pase yon semèn kote plizye moun gentan mouri ak blese.  Madi sa a, popilasyon Jakmèl la te toujou nan lari yo pou yo manifeste kont ogmantasyon pri gaz yo e pou yo mande depa Ariel Henry elatriye. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.