Otorite yo nan peyi Kanada poze sele sou de kay Rony Célestin

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
otorite yo nan peyi kanada poze sele sou de kay rony célestin
Nan kad sanksyon ki pran kont divès gwo responsab ak ansyen chèf nan Leta an Ayiti, otorite kanadyen yo ta poze sele sou de kay senatè Rony Célestin te achte nan peyi Kanada ak madanm li, pami yo youn ki koute anviwon 4,5 milyon dola.
Senatè depatman sant lan ki pami pèsonalite ayisyen ki tonbe anba sanksyon gouvènman kanadyen nan dènye lis ki rann piblik jounen dimanch 20 novanm lan sou wout pèdi de pwopriyete li te achte nan peyi Kanada. Otorite kanadyen yo ta bloke kont bank palmantè a egalman nan kad sanksyon sa.
Senatè Rony Célestin akize kòm youn nan gwo responsab nan peyi Ayiti ki enplike nan finanse aktivite kriminèl nan peyi a. Pou rezon sa, otorite yo nan peyi Kanada poze sele sou de pwopriyete sa yo ki koute respektivman 4,5 milyon ak 800,000 dola ameriken.
Palmantè a nan lane 2021 te fè elòj pwopriyete sa ki koute 4,5 milyon dola ameriken an pou montre nan ki nivo li gen lajan. Senatè a te achte kay sa pou madanm li, e ta peye ak lajan kach daprè sa ki te sòti kòm enfòmasyon.
Plizyè lòt gwo responsab ak ansyen chèf nan Leta nan lis pèsonalite ayisyen ki tonbe anba sanksyon gouvènman kanadyen an, pami yo ansyen Prezidan repiblik la Michel Joseph Martelly pou enplikasyon yo nan divès aktivite ki vize alimante ensekirite nan peyi a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.