Nou sot viv yon mwa janvye ak anpil bèl rankont nan foutbòl la. Kote mache transfè nan Ligue 1 an, Bundesliga, Premier League, Serie A epi Liga te ouvè. Kote match Supercoupe Itali a te jwe epi match kite mete Messi fas C. Ronaldo nan peyi Arabi Sawoudit, mete sou mache transfè a k ap fèmen 31 janvye k ap vini la a nan Bundesliga a, Premier League, Serie A epi Liga.
Si mwa janvye an te gate anpil moun ak anpil bèl evenman, fevriye a ap pote plis toujou nan sa ki gen pou wè ak foutbòl.
4 fevriye : final Chanpyona Afrik Nasyon yo
7 ak 8 fevrye : uityèm final Coupe de France
14, 15, 21, 22 fevrye: uityèm final Lig Champyon an
16 fevrye : baraj ale nan faz eliminasyon Lig Europa epi konferans Lig Europa
23 fevrye : baraj retou nan faz eliminasyon Lig Europa epi konferans Lig Europa
24 fevrye: tiraj pou Lig Europa epi konferans Lig Europa
26 fevrye : final League Cup la nan estad Wembley a, nan vil Londres
Facebook Comments