Kafou : Lapolis arete plizyè elèv ak inifòm ki te nan yon « krèy » 

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
kafou lapolis arete plizyè elèv ak inifòm ki te nan yon krèy 

Lapolis nan komin Kafou arete ayè vandredi 20 janvye a yon 20tèn elèv lekòl leta kou prive, aksyon an pase andedan otèl Manwa, daprè premye eleman enfòmasyon yo elèv sa yo t ap patisipe nan yon krèy ak inifòm sou yo. 

Plizyè elèv lekòl prive kou Leta ak inifòm sou yo pase yon move moman anba men ajan lapolis komin Kafou yo, a plizyè repriz yo konn pran plezi boule jou lekòl andedan yon otèl ki rele manwa. Kèk moun ki toujou ap swiv rantre ak soti elèv sa yo te blije alète lapolis komin nan pou mete yon fen ak anbyans lan. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Si definisyon jou jedi a vin yon reyalite nan lavi jèn yo, ebyen koze vandredi tèt Week-end nan toujou kenbe, men fwa sa kontèks la vin pi dechennen. Se pa premye fwa koze arestasyon sa yo ap fè paj kouvèti jounal, lè se pa nan otèl se nan lòt espas ki konn pi ektim.  

Yo te plizyè elèv lekòl ki te nan espas la ayè vandredi an lè ajan yo te rantre nan espas la, yo arete yon 20tèn ladan yo plizyè pami yo te gentan chape poul yo, nan yon videyo ki viral sou rezo sosyal yo nou te kapab wè kèk nan yo ki te menm kraze vit otèl la pou sove anba presyon fòs lòd yo t ap mete a. 

Kèk ladan yo te jwenn liberasyon aprè ajan polis yo te rele paran yo, anpil ladan yo ki poko libere se paske yo pat vle bay yon kontak lakay yo, jiska maten samdi an yo joujou nan yon sou komisarya nan komin Kafou. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.