Pifò etranje ki nan prizon Sendomeng se Ayisyen

NetAlKole Publication
ParNetAlKole Publication
pifò etranje ki nan prizon sendomeng se ayisyen
Direksyon Jeneral Sèvis Penitansye ak Koreksyon (DGSPC) nan Repiblik Dominikèn, nan yon rapò fè konnen, sou 1,824 etranje ki prive de libète nan prizon tradisyonèl yo ak nouvo modèl prizon nan Repiblik Dominikèn, 1,465 se prizonye Ayisyen, sitou pou omisid ak vòl.
Sou 1,824 etranje ki nan prizon Sendomeng, 1,465 ladan yo se Ayisyen. Daprè menm rapò Direksyon Jeneral Sèvis Penitansye peyi Repiblik Dominikèn, pami yo, yon total de 1,261 se akize ki ap tann jijman epi èd, pandan gen 447 lòt yo ki deja kondanew
Se Sant Detansyon « La Victoria »  ki gen plis prizonye ki gen nasyonalite Ayisyen, li genyen 254 prizonye Ayisyen epi  » El Seibo » vin aprè l ak yon total de 115 prizonye ayisyen  ladan l. Majorite nan moun sa yo arete pou vòl ak moun yo touye.
Yon lòt bò, nan dezyèm plas pami peyi ki gen pi gwo kantite prizonye nan Repiblik Dominikèn, nou jwenn Venezyela, ki gen 105 prizonye, ladan yo 79 nan detansyon prevantif ak 26 kondane.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article