Messi kapab al jwe nan Newell’s Old Boys 

Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel  - Rédacteur
messi kapab al jwe nan newell’s old boys 

Nan yon interview Sergio Agüero bay « UOL », ansyen jwè Manchester City a fè konnen Messi pap retounen nan Barcelone, ni al jwe nan chanpyona Etazini an. Messi k ap tann match fas Bayern Munich la nan Champions League la 8 mas pou l konn si l ap pwolonje ak ekip PSG a.  

Kontra Messi k ap fini fen mwa jen k ap vini la ak PSG, Chanpyon  Mondyal 2022 a poko deside si l ap rete nan ekip la ou byen l ap kraze yon kite sa ak klèb parizyen an. Match fas ekip Bayern lan pou 8tyèm final retou Champions League la ap pèmèt Pulga a pran yon desizyon pou avni l.  

Sergio Aguero ki se zanmi Messi fè konnen nan yon interview li te bay « UOL », bitè Manchetser City a bay yon ide nan ki klèb lejand Ajanten an ka depoze valiz li sezon kap vini.  » Messi kapab vin jwe nan Newell’s, se yon gwo posibilite » 

Newell’s Old Boys se yon klèb nan peyi Ajantin ki trouve l nan vil natal Messi, yon klèb Pulga te konn jwe lè l te piti avan li te rejwen FC Barcelone.  

Facebook Comments

Partagez cet article