Kanada pral pran gwo sanksyon kont moun ki nan koripsyon ak zak vyolans yo an Ayiti  

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
kanada pral pran gwo sanksyon kont moun ki nan koripsyon ak zak vyolans yo an ayiti

Peyi Kanada pwononse l sou kriz k ap travèse peyi a depi kèk tan epi fè konnen minis Afè etranjè li a, Mélanie Joly ap gen pou fè yon entèvansyon sou sitiyasyon an pandan pasaj li devan Asanble jeneral Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA), ki Lima, peyi Pewou.  

Gouvènman kanadyen an ki se youn nan patnè peyi d Ayiti yo, fè konnen « te deja gen vyolans ak zam epi rate gaz. Men konsekans dirèk yo lakoz kolera parèt pou pi rèd nan peyi a epi an danje lavi timoun yo. Sa ki bay anpil enkyetid pa bò kote otorite yo ak popilasyon an.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Ayiti plonje nan yon veritab kawo sosyal ak politik, poutèt sa Kanada ak patnè li yo ki nan Amerik la pral wè si yo ka retire peyi a nan sa li ye jounen jodiya. Konsa tou, yo deside pou yo bay yon lo sanksyon ak tout gang k ap simaye latwoublay sou teritwa, epi moun k ap finanse gang yo.  

Toutfwa diplomat Mélanie Joly siyale sa ki oi enpòtan pou yo la se negosye yon trèv imanitè pou debloke tèminal Varreux ki nan Site Solèy, paske sa fè 21 jou depi pyès moun pa gen aksè ak gaz sou teritwa, mete sou sa pa gen dlo potab.  

N ap raple Lèzetazini ak Meksik te mete tèt yo ansanm pou mete sou pye yon rezolisyon Konsèy sekirite Nasyonzini an ap etidye aktyèlman. Yo kapab prezante l pou vòt 21 Oktòb k ap vini la. 

Kanada pa bò kote pa l, atravè madam Joly, fè konnen plizyè alye gentan ap chanje plizyè enfòmasyon ak li pou pote yon solisyon ak kriz la pa bò isit, jan yo te fè pou kèk dosye tankou gè an Ikrèn nan. Inyon ewopeyèn ak Lèzetazini pote kole ak Kanada nan zafè sila. 

N ap raple depi plizyè semèn chèf gang Jimmy Cherizier alyas Babekyou ki se pòt pawòl G9 an Fanmi e Alye bloke aksè pi gwo tèminal peyi a, Varreux ki nan komin Site Solèy. Depi lè sa rate gaz ki te gen sou teritwa vin pi grav pase jan l te ye oparavan. Aktyèlman pou w jwenn yon galon gazolin achte nan lari a fòk ou gen pou pi piti 3 mil goud, ponp yo fèmen paske pa gen kamyon ki pou vin fè apwovizonman ladan l yo.  

Lari a bloke pral gen yon mwa prèske depi l bloke suit ak desizyon Ariel Henry te pran pou monte gaz la sou mache a ak 570 pou gazolin nan, oparavan l te 250, malgre divès kraze brize ki fèt Premye minis lan pa janm retounen sou desizyon l.  

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.