Kanada vle evite fè menm erè tan pase yo konsènan kriz an Ayiti an 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
kanada vle evite fè menm erè tan pase yo konsènan kriz an ayiti an 

Chak jou pi plis peyi etranje yo vle pran distans ak kesyon entèvansyon militè etranje gouvènman ayisyen an te mande kominote entènasyonal la. Bob Rae ki se anbasadè peyi Kanada nan Nasyonzini eksprime pridans gouvènman kanadyen an sou yon posib entèvansyon militè etranje an Ayiti. 

Apèn sòti nan misyon espesyal an Ayiti pou gouvènman kanadyen an, anbasadè Bob Rae konfye l ak medya kanadyen La Presse ayè lendi 12 desanm lan sou pasaj li nan peyi a ak kriz sa k ap ravaje Ayiti depi kèk tan. Daprè diplomat la, Peyi Kanada pa twò entèrese pou ta voye twoup an Ayiti. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Anbasadè a fè konnen gouvènman kanadyen an bay priyorite nan founi ekipman ak Lapolis la, kontinye sanksyone elit politik ak ekonomik ki gen an Ayiti an, ak chèf gang yo ki pa sispann teworize popilasyon sivil yo, paske yo pa vle tonbe nan pyèj iswta pase yo nan kesyon entèvansyon militè an Ayiti. 

«Nou dwe asire n, jan nou te fè sa deja nan mwa oktòb ki sot pase a, nan livre machin blennde ak Ayiti, pou Lapolis la genyen ekipman ak fòmasyon nesesè», pawòl anbasadè kanadyen an nan entèvyou sa li bay ak medya lokal La Presse. 

Yon lòt bò, anbasadè Kanada an Ayiti an, Sébastien Carrière, fè konprann, solisyon dirab ak pwoblèm ensekirite a an Ayiti se Lapolis la. Diplomat la mansyone egalman difikilte enstitisyon an ap fè fas dènye tan sa yo ak ajan yo ki pa sispann abandone nan pati kite peyi a. 

Anbasadè Bob Rae ki chita sou eksperyans MINUSTAH nan peyi a sòti 2004 pou rive 2017, pa apiye lide entèvansyon militè etranje an Ayiti ki, daprè sa l fè konnen, menmsi yo te rive mete yon ti kras lòd, pa t reyisi mete yon lapè ki ta kapab dire, sa ki se eleman ki pi esansyèl la pou diplomat la. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.