Direksyon jeneral enpo (DGI) lanse ayè lendi 12 desanm 2022 an yon pwogram fòmasyon sou fiskalite antrepriz ki nan sektè asirans yo nan lide pou ranfòse konpetans divès kad k ap travay pou enstitisyon an.
Direktè jeneral DGI an, Jean Emmanuel Casséus, akonpanye avèk Direktè adjwen an, Loredant Lubonheur, ansanm ak plizyè reprezantan «Agence Française de Développement et de l’Expertise», nan sal konferans biwo santral DGI a, lanse lendi 12 desanm lan fòmasyon espesyalize sa.
Mesye Jean Emmanuel Casséus ki te pran lapawòl nan kad seremoni lansman sa pale sou rezon ki fè yo vini ak fòmasyon an ki, daprè li, se ap yon konesans anplis pou patisipan yo nan zafè fiskalite an Ayiti. Direktè jeneral la fè lwanj pou anplwaye DGI yo ki pèmèt gen ogmantasyon nan resèt fiskal yo dènye ane sa yo.
Fòmasyon sa sou fiskalite asirans pou anplwaye DGI yo se twazyèm la nan yon seri ki vize devlopman konpetans kò verifikatè nan domèn kle tankou sektè bank ak finansye a, sektè telekominikasyon ak sektè konstriksyon an ki mande bon jan konpetans espesyalize.
Nan kad oryantasyon estratejik administrasyon ki nan tèt DGI a vle bay enstitisyon an, Direksyon jeneral la mize anpil sou fòmasyon kad yo ak mete moun ki kalifye nan diferan fonksyon yo nan lide pou kontinye ogmante resèt fiskal yo pou Leta ayisyen.