Mondyal 2022 : Ajantin kraze Kwoasi, epi fè sa Brezil pat ka fè a  

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
mondyal 2022 ajantin kraze kwoasi, epi fè sa brezil pat ka fè a  

Tout fanatik boul t ap tann demi final sa, ki opoze Ajantin fas Kwoasi jodi madi a. Yon match ki te parèt fasil pou ajanten yo, ak yon gwo Lionel Messi epi yon bon Julian Alvarez, ekip Luka Modric la pat ka fè anyen nan demi final sa. Messi kalifye pou final e vin jwè ki jwe plis match nan konpetisyon an.  

San bèl foutbòl Ajantin rive mete do Kwoasi atè epi sispann senaryo pwolongasyon an. Yon ekip ki te parèt difisil pou Brezil. Jwè Scaloni yo respekte etikèt favoriyo te mete sou do yo a. Messi enskri 5e gòl li nan konpetisyon an epi vin meyè bitè seleksyon ajantin nan, nan zafè mondyal, li depase Batistuta, li gen 11 gòl.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Ekip Ajantin nan te jwe san konplèks devan Kowasi, jwè kwoat pat rive enkyete Martinez anba gòl la,  yon defans solid ak yon antrenè ki pran desizyon l yo a tan. Yon final istorik pou Messi ki kapab leve premye mondyal li aprè 5 patisipasyon, posiblite pou deba meyè jwè tout tan nan jwèt sa fini.  

Ekip Ajantin nan ap tann Lafrans oubyen Mawòk nan final istorik sa, kit se Mawòk (ki ka fè final premye fwa nan istwa l epi vini sèl ekip afriken  ki fè sa). Lafrans ki kapab fè back to back la. Anpil moun ap tann pou yo wè Messi kap leve koup sa. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive