Categories: AN KREYÒL

Kanada voye yon lòt lo machin blende an Ayiti

Share
Minis Afè Etranjè a, Mélanie Joly, ak Minis Defans Nasyonal Kanadyen an, Anita Anand, te fè konnen Ayiti resevwa, Mèkredi sa a, yon dezyèm livrezon machin blende yo te achte nan peyi Kanada pou ranfòse kapasite operasyon Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) a.
Gouvènman an Kanadyen an, nan yon nòt pou laprès ki te pibliye a yè Mèkredi 11 janvye 2023 a, te di fòs Lame Kanadyen yo te transpòte pa vwa ayeryen machin blende esansyèl yo, Ayiti te achte  nan men peyi Kanada.
Nan menm nòt pou laprès sa a, otorite Kanadyen yo te fè konnen veyikil sa yo pral sipòte efò Lapolis Nasyonal la pou konbat vyolans gang yo kont sitwayen ayisyen yo. “Vyolans sa yo ki anpeche livrezon sèvis esansyèl yo ak livrezon èd imanitè”, te souliye gouvènman Kanadyen an.
“Kanada kontinye ap siveye sitiyasyon sekirite a epi l ap konsidere lòt mwayen pou ede pèp ayisyen an sòti nan kriz sa a,” ekri otorite Kanadyen yo, tout pandan yo deklare y ap kontinye pran sanksyon kont manm elit ayisyen an k ap patisipe nan finansman vyolans gang yo an Ayiti.
N ap raple peyi Kanada  te voye yon premye lo machin blende an Ayiti nan lane ki sot pase a, presizeman nan dat ki te 15 Oktòb 2022 a.
Mackendy Filderice

Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.

Leave a Comment
Published by