Kap Ayisyen : polisye yo kontinye ap manifeste

Kethia Saint Marc
Par Kethia Saint Marc  - Rédactrice
kap ayisyen polisye yo kontinye ap manifeste
Plizyè Polisye te pran lari nan Kap ayisyen ayè dimanch 29 janvye 2023 a, nan lide pou yo kontinye denonse assasina 6 polisye yo nan Lyankou nan zòn nò peyi a. Maten lendi 30 janvye a anbyans lan pa t chanje, polisye yo te kontinyre pèsiste ak revandikasyon yo.
Ajan PNH yo te move kou kong, yo t ap boule kawoutchou epi yo t ap tire, yo te bloke lari a espesyalman devan biwo leta yo. Daprè enfòmasyon yo, se yon sitiyasyon kite kreye anpil panik bò kote popilasyon an, sitwayen yo te oblije kite lari a san pèdi tan.
Depi aprè lanmò 6 polisye yo, plizyè mouvman manifestasyon gentan òganize nan plizyè kwen nan peyi a. Sitiyasyon trajik sa leve polisye yo sou nich yo, anpil nan yo deside fè grèv epi kontinye denonse assasina 6 kòlèg yo a.
Malgre divès mouvman pwotestastyon ki deja fèt nan kapil pòtoprens lan kou nan kèk vil pwovens, pa gen okenn desizyon ki pran bò kote responsab yo, pou yo ta fè paran viktim yo jwenn kò polisye yo pou yo ta rann yo yon dènye omaj.
Chak jou ki pase, sitiyasyon an ap vin pi mangonmen. Poutan, otorite konsène yo fè kòm si yo pa ni wè ni tande. Polisye yo ki gen pou misyon pwoteje ak sèvi, yo pa menm jwenn pwoteksyon pou tèt yo, epi yo kontinye ap viktim divès mannyè se kòm si, yo se pitimi san gadò.

Facebook Comments

Partagez cet article
Kethia Saint Marc
Par Kethia Saint Marc Rédactrice
Follow:
Journaliste rédactrice, institutrice, maîtresse de cérémonie, diplômée en informatique ,passionnée de la présentation ainsi que l'animation.