Sòti vandredi pou rive ayè dimanch 29 janvye an, anpil boul woule nan divès kwen sou kontinan ewopeyen an, prensipalman nan peyi kote ki gen chanpyona moun plis swiv yo. Lafrans, Almay, Itali, Espay ak Angletè, anpil rezilta tonbe, pami yo plizyè ki fèt kòm sipriz.
Bayern Munich ki t ap jwe nan okazyon 18 èm jounen Bundesliga a fè match nil, yon gòl nan chak kan fas Eintracht Frankfurt samdi ki sot pase a lakay li nan Allianz Arena a. Yon rezilta ki pèmèt Union Berlin ak RB Leipzig rapwoche l nan tèt klasman an aprè viktwa yo pandan jounen sa. Yon klasman ki pou kounya trè sere avèk sèlman 2 pwen ki separe 3 ekip yo ki nan tèt klasman an.
Real Madrid ki t ap resevwa Real Sociedad nan chòk 19 èm jounen Liga a, fè yon move operasyon avèk yon match nil 0-0 ayè dimanch lan. Yon rezilta ki aranje FC Barcelone ki bò kote pa l te genyen difisilman depi nan samdi, ekip Girona a 1-0[…] Avèk yon gòl, Pedri ta pral make nan 61èm minit. Yon match Ousmane Dembélé ta pral sòti blese depi nan premye mitan an.
Nan menm jounen sa, Atlético Madrid genyen an deplasman Osasuna yon gòl a zewo, se te Saúl Níguez ki te rive enskri eskò sa a nan 74èm minit. Colochoneros yo twouve yo nan 4èm plas klasman an avèk 13 pwen an mwens FC Barcelone,ki se tou lidè chanpyona a men ki gen 5 pwen anplis Real Madrid.
Nan yon match san okenn istwa nan Parc des Princes lan, Paris Saint-Germain kite file yon 3 pwen viktwa avèk yon match nil yon gòl nan chak kan fas Stade de Reims. Parizyen yo ki t ap mennen 1-0 depi nan 51èm gras ak Neymar, pran yon gòl nan fen match nèt (90+6) avèk Folarin Balogun ki te rive nan yon fas a fas ak Donnarumma.
Malgre match nil sa, PSG toujou rete nan tèt klasman Ligue 1 an avèk pou kounya 48 pwen, 3 anplis RC Lens dezyèm ak 45 pwen. N ap mansyone parizyen yo te fin jwe ak 10 kont 11 aprè katon wouj Marco Verratti ta pral pran nan 59èm minit jèt la.
Nan match chòk 20èm jounen Serie A a, Napoli genyen AS Roma nan Stadio Diego Armando Maradona a (2-1) avèk yon gòl Giovanni Simeone ta pral make nan 86 èm minit. Ekip Luciano Spalletti ap antrene a kontinye kenbe 13 pwen avans li genyen sou Inter Milan an ki dezyèm avèk 40 pwen. Enteris yo te genyen depi nan samdi Cremonese (2-1) avèk yon double pou Lautaro Martinez ki nan yon bon fòm depi aprè mondyal la.
Nan menm 20èm jounen sa, Milan AC pran yon koreksyon (5-2) lakay li nan San Siro a fas Sassuolo. Menm jan ak milanè yo, Juventus, otorite foutbòl yo an Itali retire 15 pwen sou li pou kesyon koripsyon, rive tonbe an deplasman (2-0) fas Monza ki fenk monte nan premye divizyon an. Tirinwa yo aprè pennalite sa desann jis nan 13èm plas klasman an avèk 23 pwen, lwen dèyè Milan AC 5èm ak 38 pwen.
Angletè ki pa t jwe chanpyona pandan dènye wikenn lan te pwofite pou fè jwe FA Cup lan. Yon konpetisyon kote Brighton Hove & Albion mete deyò nan 16èm definal ekip Liverpool la k ap fè yon trè move sezon. Reds yo elimine avèk yon gòl yo pran nan tan adisyonèl.
Manchester United ki nan bò pa l t ap jwe kont ekip Championship Reading, kalifye pou swit konpetisyon an aprè yon viktwa (3-1) avèk sitou yon double pou brezilyen an Casemiro. Sitizenn yo ki te nan yon fas a fas avèk Arsenal, yo menm tou kalifye aprè viktwa yo yon gòl a zewo gras a Nathan Aké.
Facebook Comments