Real Madrid fas Barcelone yon lòt klasiko pou 2023 

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
graphique by besoccer

Jodi lendi 30 janvye a, tiraj  »Copa del Rey 2023 » a rive fèt, Real Madrid pral gen pou l jwe fas Barcelone epi Athletic Club ap afwonte Osasuna. Match ale yo ap fèt 8 ak 9 fevriye epi match retou yo se pou premye ak 2 mas. Se afich ak dat demi final Koup Wa nan peyi Espay.

Chak ekip konnen advèsè yo pou dènye kare  »Copa del Rey » la nan peyi Espay. Real Madrid ap afwonte Barcelon epi lòt afich la se Athletic Club kont Osasuna. Match ale yo ap fèt nan mwa fevriye a epi match retou yo se pou mwa mas k ap vini la. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Yon lòt fwa ankò, Real Madrid ak Barcelone pral gen pou toke kòn yo nan yon lòt klasiko pou demi final  »Copa del Rey » la. Aprè Blaugrana yo te fin genyen Madrilèn yo nan final  »supercoupe d’éspagne » la (3-1) nan peyi Arabi Sawoudit, jwè Ancelloti yo pral eseye pran revanj yo nan demi final sa. 

Real Madrid pran konpetisyon sa depi 2014, lè Gareth Bale te fè grenn gòl pou Casa Blanca a nan pwolongasyon. Barcelone li menn pran tit sa avanyè la, an 2021 sou Atheltic club. 

Pou lòt demi final la, ki pal opoze Osasuna ak Athletic Club . Se yon paj istwa k ap ekri nan konpetisyon sa, paske  »Bask » yo gen 39 lane depi yo pran tit sa, poutan Osasuna li menn se ap premye final li si l ta rive elimine Athletic Club.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive