Kèk endividi abandone yon timoun devan lopital Sodeth la, nan Santo 25

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
kèk endividi abandone yon timoun devan lopital sodeth la, nan santo 25

Abitan yo ki rete nan Santo 25, komin Kwadèboukè, aprann laprès maten vandredi 24 fevriye a, yo te remake nan aprèmidi jedi 23 fevriye 2023 a, yon ti lèzany kèk endividi moun pa rive idantifye te abandone devan lopital Sodeth la. Li te chita poukont li ap kriye san rete, daprè yon sous diy se ta moun ki t ap sikilè abò yon motosiklèt ki ta depoze l nan lari a epi abandone l.

Daprè yon imaj youn nan konfrè nou nan « La Question News » pataje ak redaksyon NetAlKole Média a, ti pitit la genyen ant 2 ak 3 lane 1/2. Moun yo ki abite nan katye a fè konnen, yo sezi wè yon etranj ensidan konsa nan zòn nan.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Ti lèzany lan te chita ak dlo nan zye sou yon moso blòk devan lokal lopital SODETH la. Pa gen okenn enfòmasyon sou idantite timoun nan ni idantite moun ki depoze l nan lari a. Dapre sous nou yo, yon patwouy lapolis te vini a tan pou pran timoun nan pou swivi ki nesesè yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.