Gen anpil Ayisyen ki ap viv nan peyi etranje ki konn anvi mennen lòt moun vin envesti an Ayiti, sa vle di yon moun ki gen lòt Nasyonalite oswa yon etranje, men trè souvan moun sa yo konn bezwen konnen èske sa posib pou yon etranje anrejistre yon biznis an Ayiti. Ebyen repons lan se wi, daprè pwofesè ekonomi envestisè Elie Kerlemz, etranje yo kapab posede a 100% yon konpayi oswa yon biznis an Ayiti.
Daprè pwofesè a, antanke yon antite ayisyen, entrepriz sa oswa biznis sa gen dwa ak tout privilèj legal. Anplis de sa, envestisè etranje yo gen dwa eksplwate biznis yo san yon egzijans rapò rasyon fon pwòp oswa dèt. « Olye pou yo fè envèstisman lajan kach, lwa kontablite a pèmèt etranje sa yo kapitalize lè yo sèvi ak byen aktif kòporel oswa enkòporel », te eksplike pwofesè a.
Envestisè etranje yo gen libète pou monte oswa kreye yon antrepriz ak Ayisyen, sepandan, distribisyon aksyon yo konsène sèlman 2 pati yo donk li fèt prive san Leta pa konsène. Men, Vann ak achte nan aksyon konpayi an, depann de Leta sa vle di se Leta ki reglemante l.
Yon lòt bò, pwofesè Eli te kontinye pou li presize gen nan kèk sektè si yon envestisè etranje ta vle envesti, l ap bezwen jwenn otorizasyon Leta Ayisyen tankou, agrikilti, kouran, elatriye.
« Kèk sektè, tankou sante ak agrikilti, bezwen otorizasyon espesyal nan men gouvènman Ayisyen an. Envestisman nan sektè ki sansib yo tankou elektrisite, dlo, telekominikasyon ak min mande yon konsesyon nan men gouvènman ayisyen an ansanm ak apwobasyon nan ajans leta ki apwopriye yo », te di pwofesè a.
« Li konsa, paske jeneralman resous natirèl yo se pwopriyete Leta yo ye », te konkli pwofesè a.
N ap raple, pwosesis pou yon etranje anrejistre biznis an Ayiti se menm jan ak pwosesi pou yon Ayisyen anrejistre biznis li an Ayiti, sèl diferans ki genyen envestisè etranje a ap sèlman bay yon avoka ayisyen manda oswa yon otorizasyon pou reprezante li.
Facebook Comments