Federasyon ayisyèn foutbòl deja lanse preparasyon pou Koupdimonn medam yo

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
federasyon ayisyèn foutbòl deja lanse preparasyon pou koupdimonn medam yo

Seleksyon nasyonal ayisyèn bò kote medam yo ki pral gen pou jwe nan 9èm edisyon Koup Dimond lan k ap fèt nan peyi Ostrali ak Nouvèl Zelann apati jiyè k ap vini la, lanse preparasyon yo depi aprè viktwa grenadye yo (2-1) fas ekip Chilyèn lan.

Nan demen kalifikasyon seleksyon an nan baraj entèkontinantal yo, responsab yo ki te akonpanye ekip ayisyèn lan te fè yon chita pale ak yon manm FIFA ki te rann li nan otèl ekip la pou diskite sou preparasyon yo, daprè sa biwo kominikasyon federasyon an fè konnen.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Grenadye yo ki pral jwe pou premye fwa yon Koup Dimond fanm nan iswta yo, ekri youn nan pi bèl paj istwa foutbòl ayisyen an avèk de bèl viktwa sa yo fè nan baraj entèkontinantal yo kont Senegal (4-0) epi Chili (2-1) pou valide youn nan twa biyè ki te disponib yo.

Ekip ayisyèn lan k ap pami 32 nasyon k ap la yo nan peyi Ostrali ak Nouvèl Zelann apati mwa jiyè k ap vini la, pral gen pou tabli baz li nan vil Adélaïde, peyi Ostrali, daprè sa ki deside nan rankont sa ak reprezantan FIFA a, Nerico Digues.

Nan nòt kominikasyon FHF mete deyò an, responsab federasyon yo fè konnen yo poko fè chwa sou espas kote medam grenadye yo pral gen pou loje yo an pandan patisipasyon yo nan Koup Dimond lan. Daprè responsab yo, gen de manm ankadreman teknik seleksyon an ki deja rann yo nan peyi Ostrali pou fè travay sa.

N ap raple, pou patisipasyon yo nan 9èm edisyon Koup Dimond fanm lan, seleksyon nasyonal ayisyèn lan pral gen pou jwe fas Angletè, Dànmak ak Lachin nan premye tou konpetisyon sa k ap gen pou dewoule nan mwa jiyè k ap vini la.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.