Kylian Mbappé ap rate chòk PSG fas Bayern nan pou Champions League la

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
kylian mbappé ap rate chòk psg bayern a pou champions league la 

Nan match ki te mete PSG fas Montpellier (3-1) pou 21nyèm jounen Ligue 1 an, Mbappé te soti blese nan rankont sa. Jodi jedi a, klèb parizyen an anonse absans K. Mbappé pou 3 semen, star Fransè a blese li p ap ka jwe 8tyèm final ale Champions League lan fas ekip Bayern nan, yon match enpòtan pou PSG.

K. Mbappé blese, yon lezyon nan misk   goch li, sa ki fè l pap ka jwe pou 3 semen aprè soti li nan match fas Montpellier nan Ligue 1 an. Jwè fransè ap rate chòk Champions League la pou 8tyèm final la fas ekip Bayern nan pou 14 fevriye 2023.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Se pa selman match ale fas Bayern nan star Fransè a ap rate, blese sa li pran ayè mèkredi a fè l pap ka jwe kont Toulouse nan Ligue 1 an samedi k ap vini la a, l ap rate bèl klasiko nan Koup Frans lan fas Olympique de Marseille la.

PSG ki nan anpil enkyetid aprè blese  Mbappé a, ki gen dout sou L.Messi ak S. Ramos. Daprè  »Le quotidien » Mbappé ap gen pou l pase lòt egzamen nan semen kap vini an.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive