Ki bèl jèn fanm sa, kap taye bande nan peyi Kata pou mondyal la ?

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
ki bèl jèn fanm sa, kap taye bande nan peyi kata pou mondyal la

Ivana Knöll se yon jèn fanm kowat  30 lane ka fè anpil lobèy nan peyi Kata pendan mondyal la, pou fason l ap abiye pou chak match Kowasi yo. Rad l ap mete brize tout prensip arab yo mete sou fason yon fanm dwe abiye nan peyi a. Li difisil pou yon moun pa pran plezi kade l.  

Ivana Knöll se yon mannken, finalis Miss peyi Kowasi nan lane 2016, li gen plis pase 950 000 mil moun k ap swiv li sou Instagram. Men depi mondyal la lanse, iflyansez la ap ouvè kò l nan peyi Kata, kote l ap taye banda nan chak match Kowasi ap jwe. Ak koulè peyi Kowasi a sou li, manzè ap choke moun yo nan estad yo, l ap atire moun sou li. L ap bay moun yo zizirit. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Rad li se koulè blan ak wouj, depi kèk jou jèn fanm 30 lane a ap fè pale de li, figi l preske parèt sou tout rezo sosyal yo. Li gen de seri potalon ak mayo dekolte la mete, kote tout tete l preske deyò, ti bout jip li yo se pa pale. Yon ekip abiman moun nan peyi Kata pa vle fanm pote. Tout moun ap tann ki sanksyon  Ivana Knöll, ka resevwa aprè l finn vyole tout prensip sa yo.

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive