Kidnapin Jean Thony Lorthé: Jounalis yo pral foule beton an pou mande liberasyon l

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
kidnapin jean thony lorthé jounalis yo pral foule beton an pou mande liberasyon l
Jounalis yo deside pran lari Pòtoprens jodi madi 14 fevriye 2023 sa a, pou mande liberasyon kòlèg yo Jean Thony Lorthé ak de manm nan fanmi li, bandi ak zam te kidnape nan dat ki te 3 fevriye 2023 a.
Vrèman vre, Jounalis yo ap òganize, madi 14 fevriye sa a, yon mach pou mande liberasyon jounalis Jean Thony Lorthé ak 2 manm nan fanmi li , ki te kidnape 3 fevriye nan Laboul 12.  Daprè sa jounalis sa yo fè konnen Mach sa a pral kòmanse sou plas “Pont Morin” e li pral fini devan Radyo Vizyon 2000 kote  jounalis Jean Thony Lorthé te travay pandan plizyè lane.
Yon lòt bò, jounalis sa yo di, yo sèlman gen materyèl travay yo, yo pa gen lajan pou peye ranson, se sak fè yo egzije liberasyon konfrè yo Jean Thony Lorthé san okenn kondisyon.
Li enpòtan pou nou fè konnen, Jean Thony Lorthé ki se yon moun malad ta dwe ap pran medikaman nan moman an, men malerezman jounalis la nan men kidnapè depi  plis pase 11 jou.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.