Yon gwo viktwa pou Doktè Yves Jean-Bart devan Tribinal abitral espò

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
yon gwo viktwa pou doktè yves jean bart devan tribinal abitral espò
Tribinal abitral espò (TAS) anile jodi madi a desizyon FIFA te pran pou kanpe ansyen Prezidan federasyon an, Doktè Yves Jean-Bart, nan tout aktivite foutbòl jiskaske l mouri akoz akizasyon vyolans seksyèl ki te sou do l yo.
Anviwon yon lane aprè ansyen Prezidan FHF la te sezi ofisyèlman TAS pou konteste sanksyon Federasyon entènasyonal foutbòl la te pran kont li an, desizyon an tonbe kote Doktè Yves Jean-Bart sòti blanchi nan dosye sa.
Kòm motif prensipal, Tribinal abitral espò a fè konnen pa gen ase eleman pou montre ansyen Prezidan FHF la te vyole règleman FIFA yo nan kad dosye sa ki te vini aprè yon ankèt jounalis aktivis Romain Molina te reyalize epi ki ta pral pibliye nan jounal britanik lan The Guardian.
« Mwen anvi vomi. TAS pral anile sispansyon pedokriminèl Yves Jean-Bart a, ansyen prezidan FHF, akoz enkonpetans FIFA.
Jodia, se yon jou sonm pou istwa espò a ak jèn tifi yo an Ayiti. M pa menm gen mo », jounalis la k ap eksprime desepsyon l sou Twitter.
An novanm 2020, Yves Jean-Bart ta pral tonbe anba gwo sanksyon federasyon entènasyonal foutbòl la (FIFA) ki te kondane l pou peye jiska yon milyon dola ameriken kòm amann akote mezi pou mete l sou kote nan tout aktivite espò yo jiskaske l mouri an.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.