Konsome lokal pa souvan fasil akoz diferans pri ant pwodwi lokal ak pwodwi enpòte yo. Pou yon mas moun ki nan chomaj, pwodwi bon mache yo ap toujou priyorize. Kòm pwodiksyon lokal la paka reponn bezwen mache lokal la, pwodwi enpòte yo gen tandans gaye kò yo nan tout mache, tout asyèt.
Dezekilib total ant enpòtansyon ak eskpotasyon peyi a ap konnen depi divès lane kontinye genyen gwo konsekans sou ekonomi peyi a. Fèb kantite byen ki pwodwi sou mache lokal la pa reponn a demand konsomatè yo, ki anplis peye mwens pou pwodwi enpòte yo. Pratik pwodiksyon sibzistans nan plas otosifisans, absans zouti teknolojik pou ogmante nivo pwodiksyon lokal la, fè peyi esansyèlman agrikòl la (Ayiti) depann de enpòtasyon.
Enpòtans pwodiksyon lokal la nan mitan defi ki antoure l yo
« Konsome lokal se kore pwodiksyon nasyonal la » se youn nan slogan ki t ap kleyonnen byen fò pandan kèk lane, li tradwi tout angajman kèk sektè ki konprann klè, nesesite pou estabilize pwodiksyon nasyonal la, ki trennen dèyè l fyète ak kreyasyon travay epi debouche sou posibilite kwasans.
Tablo mache lokal la souvan montre yon peyizan ki pwodwi yon mamit diri paka vann li nan menm pri ak yon endistri ki pwodwi yon makòn, li paka vann li tou nan memm pri ak yon antrepriz kòmèsyal ki enpòte yon makòn, kou fabrikasyon fè l vann li nan yon pri pou l ka benefisye yon maj. Reyalite sa travèse divès mache nan anpil peyi. Diferans pri a chita nan divès faktè, non sèlman li pa pwodwi nan menm kantite ak yon endistri, ki li menm ka bese kou grenn pwodwi l la si li ogmante kantite l ap pwodwi a anplis gwo manman antrepriz sa itilize gwo zouti teknolojik ki pèmèt yo pwodwi yon pakèt nan bat je.
Mank mwayen pou peyizan yo pwodwi kreye prekarite, epi lage peyi a sou depandans pwodwi enpòte. Malgre divès finansman ki destine a agrikiltè, pechè, machann, ak travayè peyizan yo, tankou finansman 60 milyon dola US non-ranbousab Banque Interaméricaine de Développement (BID) nan lane ki sot pase yo, swa 2020-2021, pwodiksyon lokal la pa konnen twòp kwasans pase sa.
Ayiti, peyi esansyèlman agrikòl sou lobedyans enpòtasyon
Anpil moun bat bravo lakontantman paske daprè divès ouvraj eskolè, moso tè Desalin nan « esansyèlman agrikòl » sa vle di li gen kapasite pou fè latè bay manje. Alòs nan reyalite peyi a, pwodwi alimantè yo reprezante prensipal enpòtansyon l bò kote atik tekstil ak dispozitif mekanik yo (machin).
Absans pwodiktivite se abans kwasans, ensifizans pwodiksyon lokal la fè enpòtansyon tounen sèl faktè ki ka konpanse sa peyi a pa pwodwi pou satisfè bezwen ekonomik aktè yo.
Statistik yo montre klè kou dlo wòz defisi kòmèsyal peyi a ap fè fas chak ane. Pou egzèsis 2020-2021 enpòtasyon yo ogmante plis pase 20%.
Kidonk, founisè prensipal peyi Dayiti yo se Etazini, Lachin , Zilè Neyèlandèz yo ak Endonezi pou site sa yo sèlman. Se pwodwi gwoup peyi sa yo ki an majorite ap penpennen sou mache lokal la bò kote kèk pwodwi lokal ki toujou rete preferans kèk gwoup moun ki pito konsome lokal malgre diferans pri de kalte pwodwi yo.
Facebook Comments