Rapè ameriken Bill Kanan Kapri anpil moun konnen sou non Koda Black achte yon plaza pou 1.8 milyon dola us. Plaza sila te bati nan fen ane 1950, nan zòn 1511 Hammond ville Road, Pompano beach Florida.
Atis la vle kraze « Building » yo, epi tranfòme yo kòm yon plaza « Lux » daprè ajan kaila Maman « beachfrontealtyinc » ki reprezante rapè ameriken an, li rive achte plaza a atravè yon « therealdeal ».
Koda Black se yon rapè ameriken ki kòmanse karyè l, lè l te nan lekòl primè. Li te rive anrejistre premye mizik li yo sou non » J-Black nan yon estidyo anrejistreman lokal. Nan lane 2009 li te gen12 lane, Koda Black te rejwenn « Brutal Yungenz » yon gwoup jenn rapè nan « Pompano Beach », se li menm ki te pi piti nan gwoup la. Aprè yon ti tan li t al jwenn » The Kolyons » ki se yon lòt gwoup lokal.
Nan lane 2013, J-Black vin rele tèt li Koda Black epi l te sòti premye mixtep li ki pote non » Project baby ». Yon ane aprè, li te sòti dezyèm mixtep li ki se » Heart of the Project ».
Nan lane 2014, Atis la sòti yon mizik ki se » No Flockin », atravè pwodiksyon sa, li ta pral konnen yon gran siksè nan florid ki se vil kote l te pran nesans lan. Atis Koda Black fèt nan dat 11 jen 1997, nan yon lokalite ki pote non Pompano Beach nan eta florid. Li se yon rapè ki make endistri mizikal ameriken an pandan jenerasyon li epi l vle kontinye rete nan tèt lis la.
Facebook Comments