Kolera ap vale teren nan peyi Dayiti, pi fò viktim yo se gason 

Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana  - Rédacteur
kolera ap vale teren nan peyi dayiti, pi fò viktim yo se gason 

Epidemi Kolera kòmanse bon jan ap vale teren sou teritwa a. Nan yon nouvo bilan Ministè Sante Piblik ak Popilasyon an (MSPP) pibliye sou evolisyon maladi a, li konfime epidemi an ap vale teren a gran pa, san konte deja gen plis pase yon ventèn moun ki mouri akòz maladi a. 

MSPP nan detay li yo fè konnen maladi a deja touye 22 moun epi genyen 66 ka ki konfime sou tout etandi teritwa a. Yon lòt kote li ajoute genyen 606 moun yo sispèk ki ta gen maladi a ak 248 lòt ki prezante sentòm li, tout sou kabann lopital. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Chif yo chita konsa : 53% moun yo sispèk ki trape kolera se gason yo ye alòske 46,37% se fanm. 

Pami moun yo sispèk yo, 7 sòti nan 6 komin depatman Latibonit, 16 sòti nan 2 komin depatman Sant, 2 sòti nan depatman Nip, pi presizeman nan komin Ti twou. 

Jiskaprezan men kijan MSPP tabli chif yo : Lwès la se kote epidemi kolera chita kò l, sa vle di se la li fè plis viktim. Yo jwenn 583 moun yo sispèk ki ta gen kolera. Site Solèy poukont li gen 294 ka, aprè sa vini komin Pòtoprens (221 ka), Delma (36 ka), Petyonvil (14 ka), Taba (8 ka), Kwadèboukè (7 ka) epi Kafou (3 ka). 

Yon lòt kote pi fò viktim yo se timoun ki gen ant youn ak 4 lane, yo resanse konsa : 80 ti gason ak 70 tifi. Aprè sa yo jwenn ki aje ant 5 ak 9 lane (42 ti gason ak 51 tifi), epi kay jèn ki ant 20 ak 29 lane yo, yo jwenn 44 gason ak 29 fanm ki trape maladi kolera. 

N ap raple kolera se yon maladi orijin “idrik” sa vle di ki pwovoke yon dyare “egi” kay moun ki kontamine a epi ki ka lakòz li mouri si yo pa trete l bonè. Medsen yo rekòmande pou fè fas ak maladi a, yon ijyèn men san neglijans, konsomasyon aliman ki byen lave ak kuit, konsomasyon dlo potab epi evite manje manje ki fèt epi y ap vann nan lari. 

Se kèk mwa apre tranblemanntè 12 janvye 2010 la nou te kòmanse idantifye ka kolera yo an Ayiti. Epidemi sa a te fè anpil ravaj nan mitan popilasyon ayisyèn nan, sa ki te lakòz lanmò prèske 10,000 moun, daprè Unicef. Anvan popilasyon an te kwape maladi sa a, li te soufri anpil domaj ak kontaminasyon prèske 820 000 moun. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.