Pi fò polisye yo gen koneksyon ak gang, daprè Sant Karl Lévêque 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
PHOTO REGINALD LOUISSAINT JR, ARCHIVES AGENCE FRANCE-PRESSE

Alòske sitiyasyon peyi d Ayiti preyokipe anpil moun, Sant Karl Lévêque vin pete apse sou klou a avèk yon rapò li sòti sou sèl fòs legal sou teritwa : lapolis. Nan yon dènye rapò li sòti sou enstitisyon sila, òganis endepandan an fè konnen pi fò polisye ki gen nan Polis Nasyonal d Ayiti a (PNH) nan konfyolo avèk gang. 

Sant Karl Lévêque ki gen nan tèt li pè Gardy Maisonneuve revele 40% pou rive 60% manb ki nan PNH la se move grenn, yo gen koneksyon ak gang rive nan pi wo nivo enstitisyon an. Li fè konnen nan mikwo laprès chif makawon sila se youn nan siy ki montre kòz ki fè PNH la plis ap mal mache. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Direktè ekzekitif Sant Karl Lévêque la fè konnen « pwòpte lapolis la pa p yon bagay ki difisil pase sa. Li ka pran youn a 2 semèn. Si yo vle, yo kapab menm itilize polisye ki kowonpi yo nan pa ba yo pyès enfòmasyon sou operasyon yo pral fè epi sezi telefòn yo ». 

Yon lòt kote, pè Maisonneuve di l pa pou yon fòs etranjè pile tè peyi a, sa abitye fèt deja epi pa janm gen yon solisyon dirab ki sòti de sa. Li mande pito pou mete fòs polisyè nou yo an konfyans epi bay yo bon jan ekipman pandan enstitisyon an ap elimine move grenn yo. Sa ap pèmèt PNH la rezoud fenomèn ensekirite a daprè direktè ekzekitf Sant Karl Lévêque la, pè Gardy Maisonneuve. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.