Kolo Muani fè 2 gòl nan 2 minit fas Union Berlin

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
kolo muani fè 2 gòl nan 2 minit fas union berlin

Nan kad kadefinal Koup Almay la, entènasyonal fransè a, Randal Kolo Muani fè 2 gòl pou klèb li, Eintracht Francfort fas Union Berlin (2-0). Atakan fransè a fè 2 gòl sa yo nan selman 2 minit, li enskri 18 ak 19vyèm gòl li pou 37 match ak klèb la pou sezon sa.

Aprè 2 pas gòl Mario Gotze, Randal Kolo Muani fè 2 gòl nan 2 minit fas ekip Union Berlin an nan kad demi final Koup Almay la jodi 4 avril la.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Atakan fransè a pat bezwen anpil tan pou l te fè 2 gòl sa yo, aprè yon bèl pas Mario Gotze, li te ouvè mak la nan 11zyèm minit, tou swit aprè li ta pral fè yon 2zyèm gòl aprè l te fin lobe gadyen Union Berlin an, ki te bay baryè lib nan gòl la (2-0), se te 13zyèm minit nan jwèt la

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive