Donald Trump enkilpe pou yon afè ki lye li ak yon reyalizatris fim Pòno

Jacky Chery
Par Jacky Chery  - Rédacteur
donald trump enkilpe pou yon afè ki lye li ak yon reyalizatris fim pòno

Ansyen prezidan ameriken an, Donald Trump, enkilpe ofisyèlman jodi madi a nan yon afè penal ki la depi 2016 kote li ta achte silans yon aktris epi reyalizatris fim Pòno daprè sa medya ameriken tankou New York Times ak CNN revele.

Ansyen lokatè Mezon blanch lan sòti 2017 pou rive 2021, twouve l yon lòt fwa ankò nan rada lajistis amerikèn ki, fwa sa, enkilpe l nan nouvo eskandal sa ki lye l avèk aktris epi reyalizatris fim pònografik Stormy Daniels.

Daprè laprès nan peyi Etazini, ansyen prezidan repibliken an ta sèvi ak lajan kanpay li pandan eleksyon prezidansyèl ameriken 2016 yo nan kad afè sa ki rann lajistis enkilpe l aprè vòt yon gran jiri ki te sou dosye sa depi 20 mas pase a.

Donald Trump ki kalifye desizyon sa de machinasyon politik ki lye ak pwochen eleksyon prezidansyèl ameriken yo, ta dwe prezante devan lajistis nan New-York pou reponn kesyon pwokirè pou Manhattan lan, Alvin Bragg, epi ta dwe peye aktris la jiska 130,000 dola.

N ap raple, ansyen prezidan Donald Trump te deja enplike nan dosye manifestasyon devan Capitol la kote yon gwoup fanatik ak patizan l te anvayi espas la nan lide pou eksprime soutyen yo ak ansyen chèf Leta ameriken an ki te gen pouvwa l la menase.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.