Daprè Sekretè Deta Kominikasyon an Frantz Exantus Yon ekip ki soti nan inite espesyal nan Direksyon Envestigasyon Kriminèl nan lapolis Kolonbyen te rive maten an Ayiti pou kolabore ak Gouvènman ayisyen an sou asasina prezidan an .
Deja 3 aprè asasina 58èm Prezidan Repiblik Ayiti a Mesye Jovenel Moise lakay nan Peleren 5 . Lapolis an kolaborasyon ak popilasyon an arete plizyè prezimen Asasen ladan yo 17 se Kolonbyen ak 2 Ayisyen-Ameriken.
Pou Kounya popilasyon ret enpasyan pou ret tane rezilta ankè la ki pral bay vrè mounn ki otè entèleksyèl lanmò prezidan Jovenel Moise . Anketè peyi Kolonbi yo deja an Ayiti pou anvansman sa .