Komisè Muscadin etenn souf « Bandi Pou Lavi », yon prezime lyetnan Manno Vilaj de Dye

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
komisè muscadin etenn souf bandi pou lavi, yon prezime lyetnan manno vilaj de dye

Yon lòt fwa ankò komisè Miragwàn lan, Jean Ernest Muscadin, frape nan aprè midi 11 me 2023 a, Yzope Georges alyas « Bandi Pou Lavi », vale batistè li anba bal ajan komisè Muscadin yo aprè li t ap sot renouvle pwen ”pa pran nan bal” li nan komin Aken, daprè premye eleman enfòmasyon ki rive jwenn redaksyon NetAlKole Média.

Misye Yzope, yon prezime manm aktif baz bandi “5 Segond”, ki se alafwa lyetnan youn nan chèf gang Vilaj De Dye yo Manno, mouri anba katouch komisè Muscadin. Daprè dènye deklarasyon komisè jiridiksyon Miragwàn lan, yo te gen antèn sou konsène a anvan menm yo te jwenn tout enfòmasyon sou telefòn li.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Yzope Georges ki genyen non kriminèl li « Bandi Pou Lavi », pou kouwèl ye la a apèn konplete lis bandi ki pase anba woulo “Miragwàn se simityè pou tout bandi yo” daprè detay komisè a konfime nan mikwo laprès nan menm jounen 11 me a. Misye se ta manm aktif baz bandi Izo ak Manno nan “Vilaj de Dye”, epi li se youn nan chouchou chèf gang Manno nan zafè zak briganday.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.