Lapolis tante rekipere Sou Komisarya Matisan an, wonn lan gaye !

Witson Beaujour
Par Witson Beaujour  - Rédacteur
lapolis tante rekipere sou komisarya matisan an, wonn lan gaye !

Aprè midi 11 me 2023 a, Lapolis atravè nouvo estrateji pou teke fren bandi yo nan rantre sid kapital la, danse dap piyanp sou bandi yo devan Sou Komisarya Matisan 1 an, aprè yon ti vizit youn nan machin blennde yo ta fin fè nan anviwon 3èm sikonskripsyon Pòtoprens lan.

Gidon ensekirite a panche ak fòs sou bandi yo dènye tan sa yo gras ak detèminasyon PNH la. Pandan operasyon Lapolis ap mennen pou pran kontwòl tout tèritwa yo. Nan Vilaj De Dye ansanm ak rantre sid kapital la, ajan fòs lòd yo montre devouman yo semèn sa yo pou pran oserye misyon yo nan peyi a. Menmsi se Vilaj ki sanse sib polisye yo pandan operasyon an, sa pa anpeche youn nan machin blennde yo te fè kèk kout tèt nan Sou Komisarya Matisan 1 an, bandi ak zam nan katye sa a te sezi depi anviwon 23 mwa.

Nan aprè midi 11 me 2023 a, lapolis mennen yon bèl operasyon anfas Vilaj De Dye a. Ajan fòs lòd yo mennen operasyon sa a ak anpil taktik pwofesyonèl epi bon jan bal reyèl, gaz lakrimojèn pou n site sa yo sèlman, nan sousi pou jwenn bout bandi 5 Segond yo, menmsi bilan pou laprès yo poko disponib […] Toujou nan menm aprè midi sa a, pandan bandi yo ap fè resèt nan machin piblik k ap fè rantre sòti Bò Estad, Fontamara, Kafou ak kèk vil pwovens, youn nan cha yo te deside desann matisan nan lide pou vizite lokal Sou Komisarya a ki fin maltrete anba men bandi yo.

Depi nan pwent 5èm avni Bòlòs la, kout bal te pran chante mikalaw nan rantre sid kapital la. Plizyè moun te oblije kouri rantre Site Letènèl pou evite viktim. Menmsi plizyè moun te sòti blese pandan derapaj sa a, daprè kèk moun ki te temwen.

Vrèman vre, polisye yo te desann nan Matisan 1 an ak cha a nan sousi pou jete kout zye sou lokal Sou Komisarya a. Enfòmasyon yo menm fè konnen plizyè bandi Gran Ravin ki t ap ransone atè a te kouri desann Fontamara 43, sa ki te kreye bon jan panik nan nivo Fontamara ak Bizoton.

Polisye yo jwenn konfyans. Entimidasyon bandi yo pa sèlman kraze moral polisye konsekan yo, men li ranfòse estrateji yo tou pou mete lòd nan peyi a kòmsadwa. Popilasyon an dakò makònen sosis yo ak PNH la depi lansman mouvman « Bwa Kale » a 24 avril pase a, Èske ane sa a popilasyon an ka espere lavi ap reprann nan rantre sid kapital la jan sa te ye anvan an ?

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.