Konbit bibliyotèk Site Solèy rele anmwey fas ak kantite moun k ap pèdi lavi yo nan batay gang ki gen anndan site a

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
Fas ak nivo ensekirite k ap devlope depi anviwon 2 semèn nan komin Site Solèy kote plizyè gwoup gang ap batay, Konbit bibliyotèk Site Solèy (KBSS) sòti nan silans li pou rele anmwey sou sitiyasyon sa ki lakoz anpil moun deja pèdi lavi yo ak yon pakèt lòt ki fèmen anndan kay ap soufri grangou ak swaf dlo.
Nan yon kominike ki pote dat 16 jiyè 2022, Konbit bibliyotèk Site Solèy lanse gwosè kri sa ak sosyete a, prensipalman otorite yo ki toujou poko kapab mennen lapè tounen nan komin lan depi lè batay gwoup gang sa redemare nan Site a nan dat 8 jiyè ki sot pase a.
«Konbit bibliyotèk Site Solèy rele anmwey pou timoun, fanm ansent, andikape, granmoun, ak tout sivil ki mouri anba bal, swaf dlo ak grangou nan plizyè katye nan Site Solèy », ekri nan kominike sa ki rive nan redaksyon jounal Netalkole Media.
Daprè kominike sila a, soti 8 pou rive jounen 16 jiyè a, gen plis pase 250 mil sivil ki ta twouve yo kwennse anndan kay yo nan mitan gwoup nèg ak zam k ap goumen anndan plizyè katye nan Site a. KBSS atire atansyon opinyon an sou moun sa yo « ki pa genyen manje, ki pa genyen dlo, ki riske bay yon pi gwo katastwòf ak kantite moun ki riske mouri grangou ak swaf dlo, ki ka vin plis pase moun k ap mouri pa bal» daprè sa yo di, toujou nan kominike a.
Yon sitiyasyon ki lakoz tout aktivite fèmen nan Site a depi anviwon 2 lane. Nan sans sa, Konbit bibliyotèk Site Solèy mande ak lapolis, lajistis, òganizasyon imanitè ak dwa moun yo, gwoup ame yo ak otorite yo pou yo kouri prese prese jwenn yon antant pou lagè sa kanpe pou evite plis moun pèdi lavi yo nan Site Solèy.
Nan rapò Nasyonzini fè sòti sou sitiyasyon k ap devlope nan komin Site Solèy la, gen plis pase 230 moun ki mouri ak blese ak bal pandan 8 jou depi fas kare yo rekòmanse nan site a pandan mwa jiyè a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.