Kongrè ameriken : RNDDH, POHDH ak NPD ekspoze rezon sitiyasyon malouk peyi a 

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
kongrè ameriken rnddh, pohdh ak npd ekspoze rezon sitiyasyon malouk peyi a 

Nan kad odyans ki te fèt jedi 29 septanm pase a, nan Kongrè Ameriken an sou tèm : « Haïti à la croisée des chemins : Réponses de la société civile pour une solution menée par Haïtiens » Atravè odyans sa a, òganizasyon sosyete sivil yo tankou; Rezo Nasyonal pou Defans Dwa Moun (RNDDH), Platfòm Òganizasyon Ayisyen Dwa Moun (POHDH) ak « Nou Pap Dòmi » yo chak prezante nan fason pa yo sitiyasyon aktyèl la an Ayiti. 

Pandan odyans sa a, plizyè sijè te diskite, tankou kenbe gang ak zam yo nan peyi a, fayit enstitisyon yo, nesesite pou tabli yon klima sekirite nan peyi a pou yo ka òganize eleksyon lib, nan bon kondisyon epi demokratikman. RNDDH, ki te genyen kòm reprezantan li Rosie Auguste Ducéna, pat ale nan kat chemen. « 3 masak ki pi mòtèl ki janm anrejistre an Ayiti depi 2018, se sou administrasyon Ariel Henry a li fèt », li te di anvan li presize, pandan 2 mwa ki sot pase yo, materyèl ak ekipman lapolis ak lòt ekipman Leta bandi ki pwòch gouvènman an te itilize. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

« Anplis de sa, omwen 600 moun te sasinen, mete sou 71 fanm yo te vyole epi bat, anba je mari yo ak pitit yo, » te kontinye Marie Rosy Auguste Ducéna. « Malgre tout masak sa yo, an mwayèn, yo touye 3 moun pa jou epi yo kidnape 10 lòt, » toujou selon sa a li di.  

Sou zafè ogmantasyon pri gaz la, ki te  lakòz plis pase 10 jou lòk san kanpe, Alermy Pierrevilus ki te reprezante Platfòm Òganizasyon Ayisyen Dwa Moun nan (POHDH), akize gouvènman defakto a kòm prensipal otè ki pouse popilasyon an plis nan mizè li, ak desizyon sa a yo te adopte pou ogmante pri gaz la ak plis pase 100. %. Alermy Pierrevilus denonse: « Olye li pran an konsiderasyon revandikasyon jis pèp la ki ap pale depi plis pase 4 mwa atravè peyi a, gouvènman an ap eseye kriminalize mouvman sosyal yo nan atribiye yo ak gang danje yo ». 

Bò kote pa l, Vélina Élysée Charlier reprezantan « Nou Pap Dòmi » li te bat bouch li sou politik kominote entènasyonal la ap pratike an Ayiti a, sitou Lèzetazini, li di ki adopte yon politik patènalis ak entèvansyonis. “Politik kominote entènasyonal la ak Etazini anvè Ayiti se yon bagay ki rete konstan pandan plizyè ane e li pa chanje. Li te toujou swiv yon apwòch patènalis ak entèvansyonis ki souvan pa sèvi enterè pèp ayisyen an,” li te di nan deklarasyon l yo. Atravè anbasad li nan Pòtoprens, Etazini te kontinye sipòte lidè ki soti nan eleksyon fwod oswa rejim kòwonpi ki te pèdi tout lejitimite popilè yo, » li te di tou, enpresyon piblik jeneral peyi Etazini fikse sèlman bò kote moun ki pi pisan yo. 

Nou ta ka remake tou, pandan odyans sa a, ansyen anbasadè Ameriken an ki akredite an Ayiti a, Pamela White, te pran lapawòl tou pandan seyans lan tap dewoule an prezans prezidan Grégory Meeks. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.