Otorite dominiken yo sezi plis pase 8,000 galon gaz ki t ap rantre Ayiti

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
otorite dominiken yo sezi plis pase 8,000 galon gaz ki t ap rantre ayiti

Òganis dominiken espesyalize nan kontwòl komès gaz ak machandiz, Ceccom, sezi plis pase 8,000 galon gaz ki t ap pran direksyon Ayiti pandan divès operasyon yo mennen nan pwovens tankou Elías Piña, Montecristi ak Dajabón. 

Nan tèt kole ak militè Cesfront yo, ajan Ceccom yo rive kenbe sou fwontyè a gaz sa yo ki te gen pou destinasyon Ayiti nan kontrebann pou al revann nan mache nwa sou mache ayisyen an akoz kriz gaz ki gen nan peyi a. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Daprè Ceccom ki gen responsablite kontwole komès gaz ak machandiz sou teritwa dominiken an, batay kont kontrebann nan kouvri fwontyè a sòti nan Nò pou rive nan Sid avèk patisipasyon militè dominiken yo ki nan kò espesyalize Cesfront an. 

Vandredi 30 septanm, gras ak travay ransèyman, militè kò espesyalize sekirite fwontyè tèrès yo (Cesfront) te kenbe nan Elías Piña yon kamyon ki t ap transpòte nan kontrebann pou rantre Ayiti anviwon 2,695 galon gaz. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.