Categories: AN KREYÒL

Konkou admisyon Campus Henry Christophe de Limonade la repòte

Share

Konkou admisyon Campus Henry Christophe Limonade la ki te sipoze òganize jounen madi 13 septanm 2022 a pa rive fèt akoz sitiyasyon twouble plizyè vil nan peyi a ap konnen depi semèn pase a. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Nan yon kominike ki sòti nan lannwit 12 septanm 2022 a, konsèy k ap jere Campus Henry Christophe Limonade anonse desizyon ki pran pou repòte konkou admisyon CHCL la ki te prevwa òganize jounen jounen madi 13 septanm lan e repwograme l pou dimanch 18 septanm k ap vini la. 

Yon desizyon ki motive prensipalman akoz plis pase 800 postilan pa rive valide enskripsyon yo lavèy dat konkou a, avèk plis pase 700 lòt ki yo menm valide, men gen difikilte pou rekipere fich k ap ba yo aksè ak sal egzamen yo. San konte sitiyasyon sosyopolitik peyi a ki pa bay okenn garanti. 

Konsèy k ap jere Campus Henry Christophe Limonade la fè konnen, nan lide pou kapab bay tout moun ki entèrese patisipe nan konkou admisyon an menm chans pou entegre inivèsite a, deside mete pou dimanch 18 septanm k ap vini an dat konkou an. 

Konsèy la prezante eskiz li bay kominote aprè desizyon sa li pran ki, daprè sa ki di nan nòt la, pa depann de volonte yo menm ki responsab jesyon Campus Henry Christophe Limonade la. 

Jacky Chery

Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.

Leave a Comment
Published by