Kriz an Ayiti : Konsèy dwa moun lan nan Nasyonzini aksepte bay Ayiti asistans li

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
kriz an ayiti konsèy dwa moun lan nan nasyonzini aksepte bay ayiti asistans li

Konsèy dwa moun lan nan Nasyonzini di li aksepte ayè madi 4 avril 2023 a pou l bay peyi d Ayiti yon asistans atravè gouvènman an nan lit l ap mennen kont zak vyolans k ap ravaje peyi a.

Konsèy la mande Biwo dwa moun lan pou l founi gouvènman ayisyen an yon asistans teknik ak yon soutyen pou l ranfòse kapasite l nan pwomosyon ak pwoteksyon dwa moun sou teritwa a, menm jan li mande tou pou yo nonmen yon ekspè pou vin siveye sitiyasyon an pa bò isit.

- Advertisement -
Ad imageAd image

“Zak baba gang yo atenn yon nivo san parèy”, se avètisman anbasadè Ayiti a, Justin Viard fè devan Konsèy la. Li bay asirans bandi ap boule moun tou vivan ; granmoun, timoun kou fanm ansent pa epanye anba zak kidnapin ak asasina yo.

Pa bò kote pa l anbasadè peyi Lafrans lan, Jérôme Bonnafont, fè konnen “Ayiti ap fè fas ak youn nan pi move sitiyasyon povrete ak laterè nan mond lan”.

N ap raple, Ayiti se peyi ki pi pòv nan Amerik la, depi kèk tan l ap fè fas ak divès zak vyolans san parèy an rezon gang yo ki pran kontwòl 70% teritwa a. Mete sou sa, grangou, lamizè, chomaj, elatriye, k ap layite kò yo chak jou pi plis nan tout rakwen lavil kou andeyò.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.