Ladwan rete efikas malgre kriz sosyal ak ekonomik Ayiti te ka konnen

Kethia Saint Marc
ParKethia Saint Marc- Rédactrice
6 bagay ki ka motive w pou w w leve kanpe aprè w fin pran yon echèk nan viw
Administrasyon Jeneral Ladwan (AGD) fè konnen li kolekte plis pase 9 milya goud pou mwa janvye 2023 a. Yo kontinye ap bay bon pèfòmans malgre sitiyasyon sosyal ak ekonomik peyi a te ka konnen pandan dènye moman sa yo.
Administrasyon Jeneral Ladwan nan te bay enfòmasyon sa atravè sit entènèt li a. Li fè konnen li te kolekte 9 milya 399 milyon 805 mil 264 goud ak 69 santim nan revni pou mwa janvye 2023 a. N ap raple AGD te ranmase apeprè 10 milya goud pou mwa desanm 2022 a.
Ofisyèl Ladwan yo reyafime detèminasyon yo pou pouswiv objektif yo, malgre klima ensekirite a k ap domine nan peyi a an jeneral, prensipalman nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan.
Daprè enfòmasyon yo, AGD pran angajman pou l fè tout sa l konnen pou l goumen kont kontrebann ak koripsyon. Fòk nou di tou, genyen plizyè sèvis nan estrikti sila a, tankou kontwòl posteryori a. Poutan sèvis enspeksyon an pa ka travay koz aktivite gang k ap opere anba lavil Pòtoprens lan.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Kethia Saint Marc
Par Kethia Saint Marc Rédactrice
Follow:
Journaliste rédactrice, institutrice, maîtresse de cérémonie, diplômée en informatique ,passionnée de la présentation ainsi que l'animation.