Charles Herold Jr pwolonje kontra li ak Cibao FC

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
charles herold jr pwolonje kontra li ak cibao fc

Pendan foutbòl la ap pèdi plim li nan peyi Dayiti, anpil jwè ayisyen ap fè siksè lòt kote. Ansyen jwè Tempête FC a, Charles Herold Jr, k ap jwe kay vwazen an nan Cibao FC, rive pwolonje ak klèb la pou yon lòt sezon aprè plizye ane siksè sou mayo klèb Dominiken an. 

Ansyen jwè Tempête FC a rive pwolonje pou yon ane ak Cibao FC. Pitit tè Sen Mak la ap kontinye chimen li ak klèb dominiken an aprè anpil ane siksè. Charles Herold Jr pran 3 Liga Dominicana, 2 Koup Dominiken ak yon CFU Championship. Soulinye klèb Cibao a fonde nan lane 2015.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Se sou rezo sosyal yo, jwè  32 lane a fè konnen lap kontinye brase boul pou Cibao FC. :  » Gad jan tan pase vit,  sa fè 9vyèm sezon m ak Cibao FC, aprè m finn fè 8 sezon ak Tempête FC, 17 ane foutbòl pwofesyonèl. Mèsi Cibao FC, paske w fè m konfyans pou yon lòt sezon anko. »

Lejand klèb Cibao a fini mesaj li ak fraz sa :  » Map bay tout mwen menn sou teren an »

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive