Raphaël Varane mete yon bout nan karyè entènasyonal li

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
raphaël varane mete yon bout nan karyè entènasyonal li 

Aprè jwè tankou Karim Benzema, Hugo Lloris ak Steve Mandanda te deside mete fen nan karyè yo aprè Mondyal 2022 a. Jodi jedi a Raphaël Varane anonse li pap jwe nan seleksyon Fransè a ankò. Li deside fè yon kraze kite sa ak 29 lane, kote li te pote mayo Ble yo 93 fwa nan karyè li kòm jwè foutbòl. 

Champyon Mondyal 2018 la, Raphaël Varane anonse li pran retrèt entènasyonal li aprè 93 seleksyon ak selman 29 lane, li swiv Karim Benzema ansyen koyekipye li nan Real Madrid, ki te pran yon desizyon parèy aprè final Mondyal 2022 a, yon final Frans te pèdi fas ekip Ajantin nan.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Aprè 10 lane sou koulè mayo Ble yo, jwè Manchester United la konte bay yon konferans pou laprès jodi jedi a pou l rann anons li an ofisyèl epi di babay ak selesyon fransè a. Raphaël Varane se te kapitèn ekip la epi yon kad pou bèl jenerasyon foutbòl sa ki make istwa Lafrans lan,  champyon Mondyal 2018, finalis malere Mondyal 2022 a.

Matinikè an, nan yon kominike te fè anons retrèt li a konsa : 

 » Pil bèl moman m te pase ak nou yo ap vrèman manke m, men se moman pou nouvo jenerasyon an pran relèv la. Nou gen anpil jèn jwè ki boure ak talan epi ki prè pou yo vin pran relèv la, yo merite plas yo, yo bezwen nou ».

Jwè tankou Dayot Upamecano, Ibou Konaté, William Saliba pou n site sa yo se nouvo jenerasyon ki pral asire relèv la nan plas Raphaël Varana.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive