Lafrans fè PNH la kado 17 motosiklèt Boxer pou konbat ensekirite a

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
lafrans fè pnh la kado 17 motosiklèt boxer pou konbat ensekirite a

Nan kad koperasyon 2023 a, Anbasad Frans nan peyi d Ayiti fè Polis Nasyonal la kado 17 motosiklèt Boxer nan lide pou ranfòse kapasite operasyon yo sou tèren an. Se Enspektè jeneral PNH la ak Komisè prensipal Pòtoprens lan ki resevwa 17 kle sila yo.

Si Anbasadè Fabrice Mauriès wè yon eksplwa atravè jès sila, anpil lòt wè pito yon mank respè ak fòs polis la. Plizyè kesyone tèt yo sou « kòman 17 moto trafik pra l ede PNH la batay kont gang yo? ».

- Advertisement -
Ad imageAd image

Sou kèk rezo sosyal tankou Twitter, Facebook, ak divès lòt ankò, plizyè itilizatè pa mete dlo nan bouch yo pou kritike jès la, ak tout responsab ki resevwa yo an.

N ap raple, Lafrans fè don sila pandan inogirasyon yon santral solè nan Komisarya Pòtoprens, ayè mèkredi 10 me 2023 a, ki gen kapasite pou pwodwi 9 kilowat kouran. Gras ak sa Komisarya sila ap toujou gen kouran, daprè Anbasad Frans nan peyi d Ayiti.

Anbasad Frans nan peyi d Ayiti fè konnen gen lòt anons k ap gen pou fèt pi douvan, tankou fòmasyon pou polisye yo sou teknik antigang yo, don materyèl ak ekipman, epi prezans yon ekspè teknik an pèmanans bò kote PNH la.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.