Paulette Latortue, yon dam yo prezante kòm ti sè ansyen senatè Youri Latortue, jwenn arestasyon l nan Gonayiv ayè mèkredi 10 me 2023 a pou asosyasyon malfèktè. Yo akize li kòmkwa li ta fè pati gang “Kokorat San Ras” k ap opere nan Lakwa Peris, depatman Latibonit.
Nan moman arestasyon an, Paulette Latortue, ki se ti sè Youri Latortue bò papa, te akonpanye ak 2 chofè taksi moto. Fòs lòd yo mete tout anba kòd.
Daprè enfòmasyon nou rive jwenn, se jij “Louima” ki arete konsène a pou asosyasyon malfèktè, e dosye a deja nan kabinè enstriksyon.
N ap raple, Paulette Latortue te pran prizon deja nan lane 2022 pou enplikasyon l nan zak kidnapin, men li te jwenn liberasyon l nan koreksyonèl espesyal.
Facebook Comments