Nan kad batay l ap mennen kont ensekirite a nan 3yèm sikonskripsyon Pòtoprens lan, Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) anonse li deplwaye plizyè inite espesyalize tankou SWAT (Spécial Weapons And Tactics) ak UTAG (Unité temporaire Anti-Gangs).
Nan zòn Bisantnè Pòtoprens ak nan kèk kwen Vilaj de Dye, fòs lòd yo te tabli kò. Pandan entèvansyon sila, yo te chanje anpil kout zam ak bandi “5 Segond” yo, ki te oblije mande ranfò bandi Gran Ravin yo.
Plizyè imaj PNH la pibliye montre kijan li pwogrese nan operasyon li yo nan plizyè pwen li pa t konn rive gen aksè oparavan.
N ap raple, depi plis pase 2 lane, 3èm sikonskripsyon Pòtoprens lan, prensipalman nan nivo Vilaj de Dye, pa aksesib ditou. Bandi yo k ap opere nan zòn sila yo kontwole tout bagay, epi bloke ak debloke antre Sid kapital la lè yo vle. Malgre entèvansyon lapolis ap fè jiskaprezan, wout pou ale nan gran Sid peyi a toujou bloke.
Minis jistis peyi a, Emmelie Prophète Milcé, te menm kategorize zòn Matisan nom « teritwa pèdi », e pa gen anyen ki pou fè l mete pye l la. Rezon an, nivo ensekirite a nan zòn sila san parèy. Òlalwa yo pa epanye pèsòn lè y ap komèt zak yo.
Facebook Comments