Lafrans pral konbat yon malediksyon nan peyi Kata 

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
lafrans pral konbat yon malediksyon nan peyi kata 

Lafrans se peyi ki te ranpòte Mondyal la sa gen 4 lane nan peyi Larisi, sa vle di l pral defann tit li nan peyi Kata. Depi 1962, okenn peyi pa rive konsève tit li nan Koup Di Mond lan. Fransè yo pral eseye chavire malediksyon sa. 

Pou Mondyal sila a, Lafrans se youn nan ekip ki favori pou ranpòte tit ki pi enpòtan nan tout istwa foutbòl la. Si yo ta pran l, sa t ap fè yo pran 2 tit you dèyè lòt, yon bagay ki pa fèt depi 1962 lè Brezil te pran dezyèm tit sa lè l bat Tchekoslovaki (3-1) nan final. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Depi plis pase 20 lane, ekip ki ranpòte Koup Di Mond lan toujou modi pou edisyon ki vin aprè a. Lafrans te fin pran Mondyal la nan lane 1998 epi l al elimine nan premye tou nan peyi Japon au Kore nan lane 2002. Avan Mondyal sa, yo te konte Lafrans pami gwo favori yo. 

Aprè Itali fin pran koup la an 2006, li pa rive pase premye tou nan edisyon 2010 la. Se menm jan pou Espay (chanpyon 2010, premye tou 2014) an Almay (chanpyon 2014, premye tou 2018) ki sibi menm malediksyon sa. Se sèl Brezil (chanpyon 2002) ki pa t sòti nan premye nan lòt edisyon an men li te elimine nan kadefinal. 

Lafrans gen devwa pou l fè fas kare ak malediksyon sila a si l vle ajoute yon twazyèm etwal sou mayo ble l la. De tout fason, se yon tach ki parèt konplike lè n gade jan lòt favori yo konvwate tit la tou epi gen anpil lòt nasyon foutbòl emèjan. Boul la nan pye Lafrans ! 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.