Lamarin ayisyèn, yon nouvo VAR nan rejyon metwopolitèn lan

Witson Beaujour
Par Witson Beaujour  - Rédacteur
lamarin ayisyèn, yon nouvo var nan rejyon metwopolitèn lan

Depi aprè gwoup bandi yo akize ki ta nan gang Krisla yo fin anvayi komin Kafou a, zòn Lamarin lan kategorikman tounen yon VAR, se prèske kout bal k ap file nan katye sa a ki loje l nan Bizoton 53 a. Pyès machin, pyès moun pa pase nan zòn sa akoz li vin tounen yon gwo danje.

Depi gen afwontman gwoup ame an Ayiti, chan batay la konsidere kòm VAR, ki vle di zòn sa pa aksesib pou moun oubyen transpò piblik. Si te gen Matisan, Pòtay, Kwadèboukè, pou n site sa yo sèlman, pou kounya, devan Lamarin lan transfòme an VAR nan rejyon metwopolitèn lan.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Derapaj sa ki mete jiska kounya bandi fas Lapolis nan zòn Kafou dènye tan sa yo, deja lakoz plizyè viktim. Plizyè moun ki te rete nan zòn Bizoton 53 oblije al refijye yo nan zòn pi ba Kafou yo ak Mèje epi lòt pwovens ki omwen pi kalm yo.

Lapolis oblije miltipliye ranfò yo pou batay fas bandi san fwa ni lwa sa yo, menmsi bilan ofisyèl sou kantite viktim ak kantite deplase yo poko disponib, men sou rezo sosyal yo nou kapab remake kèk viktim pami yo kèk polisye. Plizyè moun konfime redaksyon an gen anpil moun ki kouri kite lakay yo. Li vin plis enpòtan pou Leta ak pi wo nivo Lapolis la aji pi vit posib, nan lide pou tabli lòd ak sekirite ki vin yon gwo defi san parèy pou gouvènman Ariel Henry an.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.