Se nan kè sote plizyè moun ki rete nan plizyè lokalite nan komin Petyonvil,  aprann nouvèl lanmò trajik Guito, yon chofè machin tout moun konnen ase byen ki asire trajè Petyonvil/Malik. 

Yo  jwenn kadav viktim lan k ap boule sou yon teren vid nan yon zòn ki rele Lasous,  yon lokalite nan komin Petyonvil. Daprè enfòmasyon ki rive nan redaksyon nou,  yo touye viktim nan nan lannwit 9 pou rive 10 desanm 2022. 

Sikonstans kote yo komèt zak la sou chofè sa a poko fin twò klè, toutfwa ajan PNH yo te arete plizyè moun aprè ensidan an ki sanble gen rapò ak dosye sa a.