Yon bato ak plizyè santèn imigran ayisyen echwe nan peyi Kiba 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
yon bato ak plizyè santèn imigran ayisyen echwe nan peyi kiba

Jounalis Mario Pentón rapòte, dimanch maten sou paj Twitter li, plizyè santèn migran ayisyen te rive nan lès Kiba nan yo  bato pa erè.  Jounalis la pataje imaj ak videyo kote nou ka wè bato a plen migran Ayisyen ladan l. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan yon mesaj jounalis la te pibliye sou kont Twitter li, li fè konnen pwobableman Ayisyen yo te rive nan Ceiba Hueca, yon vil kotyè nan pwovens Granma, pa erè. Li te fè konnen tou se  pa premye fwa migran ki soti an Ayiti rive nan peyi Kiba pa aksidan.   

Jounalis Mario Pentón di tou, yon fwa sou zile Kastwo, pwosedi nòmal la se depòte yo nan Pòtoprens,  Kapital peyi d Ayiti ki chaje ak gang ak zam kap simaye latwoublay. 

Nan yon videyo jounalis la poste sou kont Twitter li ayè dimanch 12 Desanm 2022 a, nou ka wè plizyè rezidan pwoche bò rivaj la pou yo wè sa ki rive migran Ayisyen sa yo pa erè a ki echwe nan peyi Kiba. 

Li enpòtan pou nou raple, nan mwa jen ki sot pase a  2 gwoup ayisyen te rive Kiba yo chak nan atravè  yon pò diferan.  Premyèman, 18 mwa sa a te rive Kiba nan yon bato  ak plizyè douzèn imigran  ki t ap eseye rive nan peyi Etazini te akwochte sou kot  Barakawo (Baracoa) , nan pwovens Gwanntanamo (Guantánamo). 

Dezyèmman  yon ti kras tan nan menm semèn  la, 178 Ayisyen te debake nan Kayo Franses, yon teritwa ki fè pati minisipalite Caibarién, nan Vila Klara. Dapre sa yon jounal lokal te fè konnen otorite peyi Kiba te voye tout migran sa yo tounen an Ayiti. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.