Lansman seri « Ti fi k lage nan lari a, yon malè k pandye sou demen peyi a » sou Netalkole Media

Peterson Dorsainvil
ParPeterson Dorsainvil
lansman seri « ti fi k lage nan lari a, yon malè k pandye sou demen peyi a » sou netalkole media (1)

Yo toujou di : timoun jodi, granmoun demen. Yon pawòl ki toujou bay gwo kè kase lè n ap gade nan ki eta timoun ki lage nan lari yo ap viv. Enkyetid lan souvan panche nan bò ti gason yo pou laperèz yo ka koze sizanka nèg ak zam ta pwofite de sitiyasyon y ap viv pou eksplwate yo e entegre yo nan move zafè – tankou sa konn fèt. Neglijans fè n pa souvan panche sou ka jenn ti fi yo tou ki reprezante yon lòt gwo malè pandye pou demen peyi a akoz de tout kalamite y ap afwonte chak jou.

Si se vre, selon sa n remake, gen plis ti gason nan lari a ke ti fi, sa pa jistifye endiferans ki genyen anvè yo a paske tout timoun merite pwoteksyon ak ankadreman. Gen ti fi ki sibi vyòl, genyen sa k gen mwens pase 18 lane, pafwa, ki lage nan livre kò yo bay jenn gason k nan lari a pou yo ka manje, san konte asistans yo pa genyen ak edikasyon seksyèl ki fè yo soufri divès maladi ak divès lòt pwoblèm y ap fè fas. Sitiyasyon ti fi sa yo entèpele ekip Netalkole Media a. Nan sousi pou sansibilize plis moun sou sa, redaksyon an ap pote pou piblik la yon seri atik sou sijè sa a.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pou premye atik la, nou te pale ak Lesly Maxi, prezidan ak direktè atistik yon konpayi atistik ki pote non RécifCréation, ki te òganize yon atelye atistik pou ti fi lari ak zòn defavorize yo, ki te pote non Kri ti fi, ke yo te fini ak yon aktivite ki te pote non Restitisyon anba tèm Yon ti fi, yon rèv, dimanch 28 me a Yanvalou. Atelye sila jwenn sipò divès òganizasyon tankou FOKAL ak FIBESR ak Yanvalou Resto. N envite w li entèvyou sa.

 

Netalkole Media : Kisa Récif Création ye ?

Lesly Maxi : Récif Création se yon konpayi atistik ki travay nan domèn atizay pou sèn, tankou teyat, chan, dans ak lòt ankò. Récif se yon konpayi ki kreye depi lane 2014 e toujou ap travay ak jèn nan prepare espektak ak atelye. Nou gentan fè yon pakèt mizansèn, ofri yon pakèt atelye, nou jwe nan plizyè festival e nou kolabore ak anpil enstitisyon kiltirèl ak ONG nan peyi a. Travay kreyasyon Recif yo sitou anbrase sijè ki gen rapò ak Dwa moun, sitou sa ki konsène pwoteksyon ak ankadreman timoun, defann dwa ak libète fanm ak tifi, konbat inegalite sosyal pou defann mas la.

NAK : Kisa k te pouse n òganize aktivite « Kri tifi » a ?

LM : Se apati konsta nou fè nou menm nan Recif sou sitiyasyon ti fi ki lage nan lari a, se kòmsi pa gen okenn konsiderasyon sou ka sa, poutan se yon fenomèn k ap devlope chak jou pi plis. Nou toujou ap pale sou Nèg Lari, men se pa fasil pou tandepou yo di w Fanm Lari. Nou voye je nou gade n ap swiv kantite ti fi ki lage nan laria sou chanmas, sou delma ak anpil lòt kote, ti fi k ap lonje men ba ou lè w ap pase, ti fi ki koumanse nan siye machin, ti fi yo pwofite ap abize, ti fi ki akonpaye ak manman yo anpil fwa ki fè yo sèvi kòm kobay. Ti fi k ap viv sou plas piblik, ki ap viv nan kan nan move kondisyon akoz gè gang nan katye kote yo te rete. Yon fenomèn konsa pa ta ka pa enterese nou pou pale sou li e wè nan ki limit nou ka pote kontribisyon pa nou kòm atis. Ti fi yo bezwen nou, sitiyasyon yo vreman difisil, alòs se sa nou ka fè paske se talan nou genyen enben nou mete l disponib pou yo.

NAK : Kisa Restitisyon an ye ?

- Advertisement -
Ad imageAd image

LM : Restitisyon an se aboutisman travay atelye nou te reyalize ak ti fi yo pandan 6 jou, nou te chache jwenn ti fi sa yo ki genyen soti 6 zan pou rive 17 tan nan lari a ak nan kèk zòn defavorize epi rankontre ak yo pandan 6 jou, travay tout yon jounen sou teyat, dans, chan ak atizana pou nou te rive finalman sou setyèm jou a fè yon restitisyon pou yo ka fè gran piblik la wè kisa yo rive aprann pandan tan travay sa.

NAK : Rakonte n kòman aktivite sa te dewoule

LM : Apre nou te fin gen lide pwojè a, pi gwo defi nou se te rive jwenn kòb pou li te reyalize. Se konsa nou te tonbe sou yon apèl pwojè FOKAL (Fondasyon Konesans ak Libète) te genyen a travè pwojè AJULIH (Accès à la Justice et Lutte contre l’Impunité en Haïti). Nou postile e nou rive jwenn sibvansyon sa. Nou rantre nan demach al chache ti fi sa yo, se pa t fasil, men nou rive jwenn ladan yo sou channmas la epi rès yo nan yon kan kote yo anba yon pwela apre yo te fin kouri kite Bèlè anba kout zam gang. Nou pase al pran yo chak maten pou fè jounen an nan atelye travay ak nou, kote y ap fè teyat, dans, chan ak atizana. Chak jou se konsa pandan 6 jou youn dèyè lòt, travay, manje, bwè ansanm ak ti fi yo epi tou pwofite chase tout sa yo te ka genyen kòm strès. Epi sou setyèm jou a nou fè yon restitisyon kote timoun yo ekspoze epi vann pwodui yo te fè nan atelye atizana a, epi fè yon spektak ki melanje dans, chan ak teyat ak yo. Apre sa, piblik la te envite tou pou te mache ak sa yo genyen tankou, souvètman, rad ak kit ijyenik pou tifi yo. Sete yon bèl eksperyans.

- Advertisement -
Ad imageAd image

NAK : Èske atant nou (òganizatè yo) konble ?

LM : Atant nou pa konble paske se pa sèlman sa nou swete fè e mwayen yo manke nou parapò ak kantite nesesite ki genyen pou yon pwojè konsa. Malgre bò kote timoun yo ou santi gen anpil kontantman ak satisfaksyon, men se jis paske prekarite a anpil ki fè ti kras ki fèt la fè yo santi gen lespwa pou yo. Pou nou pa twò ekzijan ak lanati, an n di se yon premye pa ki bay anvi pou kontinye pandan nou swete jwenn plis toujou pou fè plis, konsa nou ka espere yon jou souri pou di objektif yo vrèman reyalize.

NAK : Ki prensipal swivi n ap fè de aktivite sa pou kontinye pote asistans nou pou ti fi lari yo ?

LM : Nou vle kontinye kenbe timoun sa yo nou gentan an kontak ak yo a, nou nan demach pou jwenn lòt sibvansyon pou aksyon yo ka kontinye, men nou ouvè tou ak tout lòt òganizasyon ki ta vle kolabore pou rann travay la pi fò. Nou vle jwenn epi pote pou timoun yo, enben kwi nou nan men nou pou tifi yo.

NAK : Sitiyasyon malouk peyi a ap fè fas pa sispann lakoz plis moun, pami yo ti fi k lage nan lari a, san sekou. Sa k fè yo ekspoze ak tout tip pwoblèm. Ou gen yon mo pou leta, nan sans sa ?

LM : Se pa yon demach pèsonn dwe rantre ladann, voye mo pou leta. Ki leta ? Yo konn tout sa ki genyen yo deja, anpil fwa se yo ki kreye sitiyasyon yo menm. Alòs m pa gen mo m ap voye pou leta. Men m ap mande ak tout sa ki gen volonte, tout sa ki sansib, tout sa ki konn sa sa vle di soufrans yon lòt, sitou pou sitiyasyon tifi yo, an n mete men jan nou kapab pou ede travay la rive pi lwen, touche plis ti fi, paske yo gen bezwen nou. Si leta pa t leta li ye a m ta voye mo pou li.

NAK : Ki lòt pwojè n genyen an pèspektiv ?

LM : Récif se yon konpayi pwofesyonèl nan domèn atistik kidonk pou tout rès ane a n ap travay sou diferan festival ki anonse yo, kontinye prepare spektak, ofri atelye. Gen plizyè pwojè ki deja konfime men nou pa p mete yo piblik n ap tann. Apre sa, se pwojè KRI TI FI a k ap kontinye fè chimen l.

Mwen vle remèsye tout moun ak enstitisyon ki te rann aktivite a abouti, tankou FOKAL ki te ban nou gwo bourad li finansyèman, FIBESR ki te mete lokal li disponib pou resevwa atelye yo, Yanvalou resto ki te ba nou espas pou restitisyon an. Mèsi ak tout ekip Récif Création an, medam yo ki anime atelye yo ak tout nanm yo, sitou ak Jenifer Barbara Mondesir ki te fè mizansèn travay la. Mèsi ak ekip lojistik la pou tout travay yo fè, mèsi ak Daphney Dumesle pou bourad patikilye li bay ekip la. Mèsi ak Kensley pou sipò li kòm entemedyè ak timoun yo. Mèsi ak timoun yo pou lajwa yo mete nan kè ekip la e yo dwe konnen n ap kontinye travay pou yo. Mèsi ak ou menm paske ou ofri nou chans pale nan mikwo w pou koze a rive pi lwen. Yon ti fi, yon rèv.

Si yon moun vle sipòte pwojè sa, ou kapab kontakte Récif Création nan 2 nimewo sa yo : +509 3585-9431/ 3706-6654

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Follow:
Peterson Dorsainvil est journaliste, écrivain, slameur et amoureux fou des lettres. En quête de moi-même, je fais de ma plume ma boussoule dans ce monde désorienté.