Ansyen prezidan Milan AC Silvio Berlusconi mouri

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
ansyen prezidan milan ac silvio berlusconi mouri

Yon gwo kou pou foutbòl italyen an, prensipalman fanmi Milan AC an ki pèdi Silvio Berlusconi ki mouri jodi lendi 12 jen an, a 86 lane, akoz yon lesemi myelomonositè kwonik.

Silvio Berlusconi ki se te ansyen Prezidan epi pwopriyetè klèb Milan AC soti 1986 pou rive 2017, mouri jodi lendi an aprè yon long peryòd ap soufri avèk yon enfeksyon poumon.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Daprè medya italyen yo, Berlusconi ki te egalman okipe fonksyon Premye minis nan peyi Itali pandan twa fwa, te entène nan lopital San Raffaele, vil Milan, kote l te nan swen entansif depi 5 avril ki sot pase a.

Silvio Berlusconi, yon gwo non nan istwa foutbòl mondyal la ki te patisipe nan bati yon gwo ekip Milan AC soti 1986 rive 2017. Nan entèval sa, klèb milanè an ranpòte 5 Lig dè Chanpyon kifè li se dezyèm klèb ki gen plis tit nan konpetisyon sa, dèyè Real Madrid.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.