Direksyon Jamayik pou Premye minis ayisyen an Ariel Henry

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
direksyon jamayik pou premye minis ayisyen an ariel henry

Premye minis ayisyen an, Ariel Henry, kite peyi a jodi dimanch 11 jen an pou rann li Kingston, kapital peyi Jamayik, pou al patisipe nan yon chita pale CARICOM ap òganize prensipalman avèk divès aktè ayisyen ki nan politik ak sosyete sivil la.

Sou rezo sosyal yo, Biwo kominikasyon Primati an anonse Chèf gouvènman an kite peyi a jodi dimanch lan pou rann li Jamayik pou al patisipe nan chita pale sa Kominote karayib yo ap òganize avèk aktè ayisyen yo sou kriz peyi a ap konnen dènye tan sa yo.

- Advertisement -
Ad imageAd image

« Vwayaj mwen Kingston maten an, nan kad konsiltasyon sou Ayiti Caricom ap òganize yo, montre detèminasyon gouvènman mwen an pou rapouswiv dyalòg la epi kreye yon klima sosyopolitik kalm pou kapab remèt pouvwa a bay pèp souvren an atravè dirijan l ap gen pou chwazi nan pwochen eleksyon yo », pawòl lokatè Primati an avan deplasman li an.

Nan kad menm rankont sa, genyen plizyè pèsonalite ayisyen Caricom te envite yo ki deja rive Kingston, pami yo ansyen manm opozisyon epi pòt pawòl estrikti sosyopolitik Sektè demokratik ak popilè a, Mèt André Michel. N ap mansyone tou prezans dirijan nan sektè Dwa moun Pierre Espérance k ap prezan nan aktivite sa egalman.

N ap raple, Prezidan Wo konsèy tranzisyon an, Mirlande Hyppolite Manigat, te boude inisyativ sa ki, daprè sa l te fè konprann, pa t dwe al òganize nan peyi Jamayik pandan se ayisyen k ap gen pou diskite sou sitiyasyon kriz peyi a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.